Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 35:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Bondye osi te di li: “Mwen se Bondye Toupwisan an. Fè fwi, e vin miltipliye. Yon nasyon ak yon gwo konpanyen nasyon va soti nan ou, e wa yo va sòti nan ou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Bondye di l ankò: — Se mwen menm Bondye ki gen tout pouvwa a. W'ap gen anpil pitit ak pitit pitit. Gen ladan yo k'ap wa. W'ap si tèlman gen anpil pitit pitit, y'a tounen yon kantite nasyon.

参见章节 复制




Jenèz 35:11
30 交叉引用  

Mwen va fè ou vin yon gran nasyon. Mwen va beni ou, e fè non ou vin gran. Ou va yon benediksyon.


“Mwen va fè desandan ou yo peple tankou pousyè tè, pou si okenn moun pa kapab kontwole pousyè tè a, konsa yo p ap kapab osi kontwole desandan ou yo.


Konsa, li te mennen li deyò, e te di: “Koulye a, gade vè syèl yo, e kontwole zetwal yo, si ou kapab kontwole yo.” Epi Li te di li: “Se konsa desandan w ap ye.”


Alò, lè Abram te gen laj katre-ven-sèz ane, SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di li: “Mwen menm se Bondye Toupwisan an. Mache devan mwen, e rete san fot.


Mwen va beni li, Mwen va bay ou yon fis pa li. Alò, Mwen va beni li, e li va yon manman pou anpil nasyon. Wa a pèp yo va sòti nan li.”


“Pou Mwen, koute byen, akò Mwen avè ou a. Ou va papa a yon gran kantite nasyon.


“Èske gen anyen ki twò difisil pou SENYÈ a? Nan lè chwazi a, mwen va retounen a nou menm, nan lè sa a, lane pwochèn, e Sarah va gen yon fis.”


paske Abraham va anverite vin yon gran nasyon byen fò, e nan li, tout nasyon yo va beni?


anverite Mwen va beni ou anpil. Mwen va miltipliye posterite ou tankou zetwal syèl yo, ak tankou grenn sab lanmè ki arebò lanmè yo, epi posterite ou va posede pòtay lènmi pa yo.


Desandan ou yo va tankou pousyè latè, e ou va gaye nan lwès, nan lès, nan nò, ak nan sid. Konsa, nan ou avèk desandan ou yo, tout fanmi sou latè yo va beni.


Paske ou te di: ‘Anverite, Mwen va fè nou vin pwospere, e fè desandan nou yo vin tankou sab lanmè a, k ap twò gran pou konte.’”


Men wa ki te renye nan peyi a Édom yo, avan ke yon wa te vin renye pami zanfan Israël yo.


Konsa, ke Bondye Toupwisan an kapab bannou gras nan zye mesye a, pou li kab lage bannou lòt frè nou an avèk Benjamin. Epi pou mwen, si mwen pèdi pitit mwen yo, mwen pèdi nèt.”


Li te di: “Mwen se Bondye, Bondye a papa ou a. Pa pè desann an Égypte, paske mwen va fè nou vin yon gran nasyon la.


Alò, Israël te viv nan peyi Égypte la, nan Gosen. Yo te gen tèren ladann, yo te vin trè pwodiktif, e yo te peple anpil.


Konsa, Bondye te beni Noé avèk fis li yo. Li te di yo: “Se pou nou vin fekon, miltipliye, e ranpli latè.


Epi pou nou, se pou nou vin fekon, e miltipliye. Peple tè a anpil, e miltipliye ladann.”


akò ke li te fè avèk Abraham nan, sèman an ke Li te fè avèk Isaac la.


Li te konfime sa ak Jacob kon yon règleman, A Israël, kon yon akò ki pou tout tan,


epi te di: “A ou menm, Mwen va bay peyi Canaan an kon pòsyon eritaj pa w.”


Men fis Israël yo te pwodwi anpil, yo te vin miltipliye anpil, e yo te vin trè fò, jiskaske peyi a te vin ranpli avèk yo.


Konsa, Bondye te tande plent pa yo, epi Bondye te sonje akò Li avèk Abraham, Isaac, ak Jacob.


Mwen te parèt a Abraham, Isaac, avèk Jacob, kòm Bondye Toupwisan an, men pa pwòp non Mwen, SENYÈ a, Mwen pa t janm fè yo rekonèt Mwen.


Nan lè sa a, Mwen va sonje akò Mwen avèk Jacob, Mwen va sonje osi akò Mwen avèk Isaac, ni akò Mwen avèk Abraham, e Mwen va sonje peyi a.


Mwen va yon Papa pou nou, e nou va fis ak fi pou Mwen,’ di Senyè Tou Pwisan an.”


跟着我们:

广告


广告