20 Alò, la li te monte yon lotèl, e li te rele li El-Elohé-Israël.
20 Jakòb bati yon lotèl la tou. Li rele l: Bondye se Bondye Izrayèl la.
Epi Abram te deplase tant li an, li te vin rete akote bwatchenn Mamré yo ki an Hébron, e la li te bati yon lotèl bay SENYÈ a.
Abraham te plante la yon pyebwa tamaris nan Beer-Schéba, e la li te rele sou non SENYÈ a, Bondye Letènèl la.
Li te di: “Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël; paske ou te lite avèk Bondye, e avèk lòm, epi ou te reyisi.”
Li te achte yon mòso tè kote li te monte tant li nan men fis Hamor yo, papa Sichem nan, pou sòm a san pyès lajan.
Alò, Dina, fi Léa te fè pou Jacob la te sòti pou vizite fi peyi yo nan kote sa a.
Li te bati yon lotèl la, e li te rele plas la, El-Béthel, akoz ke se la Bondye te revele Li menm a li lè li te sove ale kite frè l la.
Konsa, Noé te bati yon lotèl pou SENYÈ a. Li te pran chak bèt ki pwòp, ak chak zwazo ki pwòp, e li te ofri sakrifis ki te brile sou lotèl la.
Konsa, David te beni SENYÈ a devan zye a tout asanble a. David te di: “Beni se Ou menm, O SENYÈ a, Bondye Israël la, papa nou, jis pou tout tan e tout tan.
Papa zansèt nou yo te adore nan mòn sila a, men ou di ke se nan Jérusalem pou nou adore.”