Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 32:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Alò, solèy la te leve sou li nan menm moman li t ap travèse Peniel la, e li te bwate akoz gwo janm nan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 Solèy te gentan ap leve lè Jakòb kite Penyèl, li t'ap bwete poutèt ren li.

参见章节 复制




Jenèz 32:31
19 交叉引用  

Epi li te rele non SENYÈ a ki te pale avèk li: “Ou se yon Bondye ki wè a”, paske li te di: “Èske m ap vrèman rete vivan isit lè m fin wè Li”?


Lè maten an te rive, zanj yo te bourade Lot. Yo te di l: “Leve, pran madanm ou avèk de fis ou yo ki isit la, oswa ou va vin disparèt nan pinisyon vil la.”


Solèy la te gen tan fin leve sou tè a lè Lot te rive Tsoar.


Lè li te wè ke li pa t genyen l, li te touche gwo jwenti janm li (anwo kote l tache nan kò a), epi li te vin dejwente pandan li t ap lite avè l.


Pou sa, jis jounen jodi a, fis Israël yo pa manje tandon ki tache nan gwo janm nan avèk anch ki sou jwenti a, akoz ke li te touche jwenti gwo janm nan tandon ki tache nan anch lan.


Epi, Jéroboam te bati Sichem nan peyi ti kolin Ephraïm yo, e li te rete la. Li te sòti depi la pou te bati Penuel.


Konsa, yo te pran bèf ki te bay a yo menm nan, yo te prepare li e te rele non Baal la soti nan maten jis rive midi e yo t ap di: “O Baal, reponn nou.” Men pa t gen vwa e okenn moun pa t reponn. Epi yo te toutotou lotèl ke yo te fè a.


Paske mwen prèt pou tonbe. Tristès mwen devan m tout tan.


Yo te wè Bondye Israël la. Anba pye li, te parèt yon choz tankou yon pave ki fèt an safì, klè tankou syèl la menm.


Malgre Li pa t lonje men Li kont prens Israël sa yo. Yo te wè Bondye, yo te manje e yo te bwè.


Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, paske mwen fin detwi nèt! Akoz mwen se yon nonm ak lèv ki pa pwòp, e mwen viv pami yon pèp ak lèv ki pa pwòp; paske zye m te wè Wa a, SENYÈ dèzame yo.”


Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo.


Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen.


Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.


Nou te di: “Gade byen, SENYÈ a, Bondye nou an, te montre nou glwa Li avèk grandè Li, e nou te tande vwa Li soti nan mitan dife a. Nou te wè jodi a ke Bondye pale avèk lòm, malgre sa, li rete vivan.


Paske se kilès ki fèt avèk chè ki tande vwa a Bondye vivan an k ap pale nan mitan dife a, tankou nou, e ki viv?


Lè Gédéon te wè ke se te zanj SENYÈ a, li te di: “Anmwey, O Senyè Bondye! Koulye a, mwen gen tan wè zanj SENYÈ a fasafas.”


Senyè a te reponn li: “Lapè avèk ou, pa pè. Ou p ap mouri.”


Li te monte soti la nan Penuel. Li te pale menm jan an avèk yo, epi mesye Penuel yo te reponn li menm jan mesye Succoth yo te reponn nan.


跟着我们:

广告


广告