27 Alò, li te di li: “Kòman yo rele ou?” Li te reponn: “Jacob.”
27 Nonm lan di: — Ki jan ou rele? Li reponn: — Jakòb.
Epi nonm nan te di: “Lage m, paske jou a pwòch.” Men Jacob te di: “Mwen p ap lage ou amwenske ke ou beni m.”
Li te di: “Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël; paske ou te lite avèk Bondye, e avèk lòm, epi ou te reyisi.”
Bondye te di li: “Non ou se Jacob. Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël va non ou.” Konsa li te rele li Israël.
Manman a gason an te di: “Jan SENYÈ a viv la, e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa, li te leve e te swiv li.
Jaebets te rele Bondye Israël la epi te di: “O ke Ou beni mwen, anverite e agrandi lizyè mwen e ke men Ou avè m, ke Ou pwoteje m de mal pou m pa ta twouble akoz li.” Epi Bondye te bay li sa li te mande a.
Ke SENYÈ a kapab reponn ou nan jou gran twoub la! Ke non Bondye Jacob la kapab kenbe ou ansekirite an wo!
Alò, Jacob te sove ale nan peyi Aram, Israël te travay pou resevwa yon madanm. Pou yon madanm, li te fè gadyen mouton.