4 Alò Jacob te voye rele Rachel avèk Léa vè bann mouton li nan chan an.
4 Se konsa Jakòb fè chache Rachèl ak Leya. Li voye di yo rive kote l nan savann kote bèt li yo ye a.
Alò, Laban te gen de fi. Non pi gran an se te Léa, e lòt la se te Rachel.
Epi SENYÈ a te di a Jacob: “Retounen nan peyi a zansèt ou yo, a moun ou yo, e mwen va avèk ou.”
Konsa, li te di yo: “Mwen wè ke konpòtman papa nou anvè mwen menm pa emab jan li te ye lontan an, men Bondye a papa m nan te avèk mwen.