Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 31:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 Alò, vrèman ou te sòti paske ou te anvi wè lakay papa ou, men poukisa ou te vòlè dye mwen yo?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

30 Mwen konnen ou pati paske se pa ti anvi ou pa te anvi tounen lakay papa ou. Men, sa ou te bezwen vòlè ti zidòl kay mwen yo fè?

参见章节 复制




Jenèz 31:30
17 交叉引用  

Lè Laban te ale pou taye plim mouton li yo, Rachel te vòlè zidòl lakay ki te pou papa li yo.


Jacob te reponn Laban: “Akoz ke m te pè, paske mwen te panse ke ou ta rachte fi ou yo nan men mwen pa lafòs.


Alò, Jacob te di moun lakay li yo, ak tout sa ki te avè l yo: “Mete deyò tout dye etranje yo ki pami nou, pirifye nou, e chanje rad nou.


Yo te abandone zidòl yo la. Pou sa, David avèk mesye li yo te pote yo ale.


“‘Paske Mwen va pase nan peyi Égypte la nan nwit lan, e Mwen va frape tout premye ne nan peyi Égypte la, ni moun, ni bèt. Epi kont tout dye an Égypte yo, Mwen va egzekite jijman—Mwen menm se SENYÈ a.


Epi li te jete dye pa yo nan dife, paske se pa t dye yo te ye, men zèv ki te fèt pa men a lòm, ak bwa ak wòch. Konsa yo te detwi yo.


Konsa ou va di yo: “dye ki pa t fè syèl la ak tè yo va peri soti sou latè ak anba syèl yo.”


Epi Mwen va mete dife sou tanp dye Égypte yo, li va brile yo e soti avèk yo kon prizonye. Li va vlope li menm ak peyi Égypte kon yon bèje vlope kò l ak vètman li, e li va sòti la, ansekirite.


Paske wa Babylone nan te kanpe nan kote wout yo divize a, nan tèt a de wout yo, pou fè sèvis divinò. Li te souke flèch yo, li konsilte zidòl lakay yo, li egzamine fwa a.


Men li te di li: “Mwen p ap vini, men olye de sa, m ap ale nan peyi pa m avèk fanmi pa mwen yo.”


pandan tout Ejipsyen yo t ap antere tout premye ne ke SENYÈ a te frape detwi pami yo. SENYÈ a te osi egzekite jijman sou dye ki te pou yo.


Josué te di a tout pèp la: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Depi nan tan ansyen yo, zansèt nou yo te viv lòtbò Rivyè a. Menm Térach, papa Abraham nan, ak papa a Nachor, te sèvi lòt dye yo.


Alò, senk mesye ki te ale fè espyonaj peyi a te pwoche, yo te antre la pou te pran imaj taye avèk efòd la ak imaj lakay yo ak imaj fonn nan, pandan prèt la te kanpe nan antre pòtay la avèk sis-san lòm ki te ame avèk zam lagè yo.


Li te di: “Nou fin pran dye ke m te fè yo, avèk prèt la e sòti; epi kisa mwen genyen plis ke sa? Kijan nou kab di mwen: ‘Kisa ou genyen?’”


Men Joas te di a tout moun ki te kanpe kont li yo: “Èske nou va plede kòz a Baal yo oswa èske se nou ki pou delivre li? Sila ki plede kòz li a, va mete a lanmò avan maten. Si se yon dye ke li ye, kite li plede pou pwòp tèt li, pou kòz a moun nan ki te chire lotèl li.”


跟着我们:

广告


广告