Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 31:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Bondye te parèt a Laban, Arameyen an, nan yon rèv nan nwit lan. Li te di li: “Fè atansyon pou ou pa pale a Jacob ni byen, ni mal.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Men, pandan lannwit, Bondye parèt devan Laban, moun lavil Aram lan, nan yon rèv, li di l: — Piga ou di Jakòb anyen ni an byen, ni an mal.

参见章节 复制




Jenèz 31:24
28 交叉引用  

Men Bondye te vini a Abimélec nan yon rèv nan nwit, e Li te di li: “Veye byen, ou se yon moun ki fin mouri akoz fanm ke ou te pran an, paske li marye.”


Konsa, Bondye te di li nan rèv la: “Wi, Mwen konnen ke nan entegrite kè ou, ou te fè sa, e Mwen osi te anpeche ou pou ou pa t peche kont Mwen. Se pou sa Mwen pa t kite ou touche li.


Laban avèk Bethuel te reponn: “Afè sa a sòti nan SENYÈ a. Alò nou pa kapab pale ou ni byen, ni mal.


Alò, Isaac te voye Jacob ale. Li te ale Paddan-Aram a Laban, fis a Bethuel la, Arameyen an, frè Rebecca, manman a Jacob ak Ésaü.


“Epi li te rive ke lè bann mouton yo a t ap kwaze, ke mwen te leve zye mwen, mwen te wè nan yon rèv, e gade byen, mal kabrit ki t ap kwaze yo te trase, takte, e mele.


“Alò, zanj Bondye a te di mwen nan rèv la: ‘Jacob,’ epi mwen te di: ‘Men mwen.’


li te pran moun fanmi li yo, pou l te kouri dèyè li pandan sèt jou. Konsa, li te vin rive devan li nan ti kolin nan peyi Galaad yo.


Laban te vin rive devan Jacob. Alò Jacob te monte tant li nan peyi kolin yo, e Laban avèk moun pa li yo te rete nan peyi kolin Galaad yo.


Li nan pouvwa mwen pou m fè nou mal, men Bondye a papa ou a te pale avèk mwen yèswa. Li te di: ‘Pinga ou pale ni byen, ni mal a Jacob’.


Si Bondye a papa m nan, Bondye a Abraham nan pa t pou mwen, vrèman koulye a ou t ap kab voye m ale men vid. Bondye te wè afliksyon mwen, ak travay di ke men m te gen tan fè, epi Li te rann jijman an yèswa.”


Malgre sa, papa nou te twonpe mwen, e li te chanje salè mwen dis fwa, men Bondye pa t kite li fè m donmaj.


Epi pandan tan sa a, toude moun sa yo, chèf ki te responsab pran avan gou diven nan, ak bòs boulanje a wa a, te fè yon rèv nan menm nwit lan. Chak moun te fè pwòp rèv pa li, e chak rèv te gen pwòp entèpretasyon pa li.


Alò, li te vin rive nan lafin dezane, Farawon te fè yon rèv, e gade byen, li te kanpe devan lariviyè Nil lan.


Men Absalom pa t pale ak Amnon anyen, ni bon, ni mal; paske Absalom te rayi Amnon akoz li te vyole sè li a, Tamar.


Nan Gabaon, SENYÈ a te parèt a Salomon nan yon rèv pandan lannwit. Bondye te di: “Mande sa ou pito e m ap ba ou li.”


Kite chè li vin pi fre ke li te ye nan jenès li. Kite li retoune nan jou a fòs jenès li yo.


Akoz laraj ou fè kont Mwen, e akoz ògèy ou rive monte nan zòrèy Mwen; pou sa, Mwen va mete yon gwo kwòk nan nen ou ak brid Mwen nan lèv ou, e Mwen va vire fè ou tounen pa chemen ke ou te antre a.”


Alò, Jacob te sove ale nan peyi Aram, Israël te travay pou resevwa yon madanm. Pou yon madanm, li te fè gadyen mouton.


Li te di: “Koute pawòl Mwen koulye a: Si gen yon pwofèt pami nou, Mwen, SENYÈ a, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt a li menm nan yon vizyon. Mwen va pale avèk li nan yon rèv.


Bondye te vin kote Balaam nan aswè. Li te di li: “Si mesye sa yo ta vin rele ou, leve ale avèk yo; men se sèlman pawòl ke M pale avèk ou a ke ou va fè.”


Zanj SENYÈ a te ale pi lwen. Li te kanpe nan yon kote etwat kote pa t gen mwayen pou vire ni adwat, ni agoch.


ke menm si Balak te ban mwen kay li plen avèk ajan ak lò, ke m pa t kab fè anyen kontrè ak lòd SENYÈ a, kit bon kit mal nan pwòp volonte pa m. Sa ke SENYÈ a pale a, se sa mwen va pale?


Men pandan li t ap anvizaje sa, konsa, yon zanj Bondye te parèt devan li nan yon rèv epi te di l konsa: “Joseph, fis a David la, ou pa bezwen pè pran Marie kon madanm ou; pwiske sa ki gen tan plase nan vant li an, soti nan Lespri Sen an.


Men akoz ke yo te avèti nan yon rèv ke yo pa t dwe retounen kote Hérode, yo te ale nan peyi yo pa yon lòt wout.


Pandan Li te chita sou chèz jijman an, madanm li te voye di li: “Pa gen anyen pou fè avèk Nonm jis sila a; paske jodi a, mwen te soufri anpil nan yon rèv akoz de Li menm.”


“Ou va reponn e di devan SENYÈ a, Bondye ou a: ‘Papa m te yon vwayajè Arameyen fèt pou peri. Li te desann an Égypte, e li te demere la. Yo te piti an kantite, men la, li te devni yon gran nasyon pwisan avèk anpil moun.


跟着我们:

广告


广告