Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 31:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 “Li te di: ‘Koulye a leve zye ou, pou wè ke tout mal kabrit ki t ap kwaze yo te trase, takte, e mele, paske Mwen te wè tout sa ke Laban te fè ou yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Li di m ankò: Leve je ou gade: Tout bouk k'ap vole fenmèl yo se bouk ki takte ak sa ki gen re sou tout kò yo. Se mwen menm k'ap fè sa konsa, paske mwen wè tou sa Laban ap fè ou.

参见章节 复制




Jenèz 31:12
13 交叉引用  

“Epi li te rive ke lè bann mouton yo a t ap kwaze, ke mwen te leve zye mwen, mwen te wè nan yon rèv, e gade byen, mal kabrit ki t ap kwaze yo te trase, takte, e mele.


Si Bondye a papa m nan, Bondye a Abraham nan pa t pou mwen, vrèman koulye a ou t ap kab voye m ale men vid. Bondye te wè afliksyon mwen, ak travay di ke men m te gen tan fè, epi Li te rann jijman an yèswa.”


Ou te wè sa, paske Ou te wè kont mechanste ak agase moun pou pran sa an men. Malere a ap depann de Ou menm; Se Ou ki konn ede òfelen an.


“Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo, koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a; “Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”


Ou konn egzamine chemen mwen fè avèk kouche mwen, e rekonèt bagay pi entim nan chemen mwen yo.


SENYÈ a te di: “Mwen vrèman te wè soufrans a pèp Mwen an ki an Égypte la, e Mwen te reponn a kri pa yo, akoz sila yo k ap peze yo, paske Mwen konnen soufrans yo.


Alò, gade byen kri fis Israël yo gen tan rive devan M. Anplis, Mwen te wè avèk ki opresyon Ejipsyen yo ap oprime yo a.


Si ou wè malere a vin oprime e pa gen lajistis nan pwovens yo, pa sezi lè ou wè l. Paske gen chèf sou chèf, e gen chèf pi wo sou yo.


“‘Nou pa pou oprime vwazen nou, ni vòlè li. Salè a yon ouvriye jounalye pa pou rete nan men nou tout lannwit pou rive nan maten.


Mwen anverite wè soufrans pèp Mwen an an Égypte e tande plent yo, e Mwen gen tan vini desann pou delivre yo. Vini koulye a e Mwen va voye ou an Égypte.’


Epi mèt yo, fè menm bagay yo pou yo. Sispann menase yo, lòske nou konprann ke ni Mèt pa yo a ak pa nou an se nan syèl la, epi devan Li pa gen patipri.


Nou va ba li salè li nan jou li avan solèy la kouche. Paske li se malere, e espwa kè li sou sa; jis pou li pa kriye kont nou vè SENYÈ a, pou sa devni yon peche nan nou.


跟着我们:

广告


广告