Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 30:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Alò, li te rive ke lè Rachel te fè Joseph, Jacob te di a Laban: “Voye mwen ale, pou mwen kapab ale nan pwòp plas mwen e nan pwòp peyi mwen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 Apre Rachèl te fè Jozèf, Jakòb di Laban konsa: — Kite m pati pou male lakay mwen nan peyi mwen.

参见章节 复制




Jenèz 30:25
13 交叉引用  

Depi lè ke li fin pale ak Abraham nan, SENYÈ a te pati, e Abraham te retounen nan kote pa li.


Li menm avèk mesye ki te avè l yo te manje, bwè e te pase nwit lan. Lè yo te leve nan maten li te di: “Voye mwen ale vè mèt mwen.”


Li te reponn yo: “Pa anpeche m, paske se SENYÈ a ki te fè chemen mwen an reyisi. Voye m ale pou m kapab retounen bò kote mèt mwen.”


Rete pou yon tan nan peyi sa a, Mwen va avèk ou, e Mwen va beni ou, paske a ou menm ak desandan ou yo, Mwen va bay tout peyi sa yo, e Mwen va etabli sèman ke Mwen te sèmante a papa ou a, Abraham.


Epi, gade byen, SENYÈ a te kanpe anwo li. Li te di: “Mwen se SENYÈ a, Bondye papa Abraham nan ak Bondye Isaac la. Tè sa kote ou kouche a, Mwen va bay ou li pou ou menm ak desandan ou yo.


“Gade byen, Mwen avèk ou. Mwen va kenbe ou nenpòt kote ou ale, e Mwen va fè ou retounen nan peyi sa a. Paske Mwen p ap kite ou jiskaske Mwen fin fè tout sa ke M te pwomèt nou an.”


Mwen menm se Bondye a Béthel la, kote ou te vide lwil sou yon pilye, kote ou te fè sèman a Mwen menm nan. Konsa, leve, kite tè sa a, e retounen nan peyi nesans ou a.’”


Granmmaten, Laban te leve. Li te bo fis li yo ak fi li yo, e li te beni yo. Alò, Laban te retounen nan plas li.


Pa lafwa, li te viv kòm yon etranje nan peyi pwomès la, tankou se nan yon peyi etranje, e li te abite nan tant avèk Isaac ak Jacob, eritye ansanm a menm pwomès la.


跟着我们:

广告


广告