Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 29:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Li te mande yo: “Èske tout bagay ale byen pou li?” Epi yo te reponn: “Wi, tout bagay ale byen pou li. Men fi li a, Rachel k ap vini avèk mouton yo.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Li mande yo: — Ban m nouvèl li non. Li byen? Yo reponn li: — Li byen wi. Gade, men Rachèl, pitit fi li a, k'ap vini ak bann mouton li yo.

参见章节 复制




Jenèz 29:6
8 交叉引用  

Li te di: “Gade byen, li toujou gwo lajounen; li poko lè pou rasanble bèt. Bay bèt yo dlo, e mete yo nan patiraj toujou.”


Alò, li te di li: “Ale koulye a pou okipe afè frè ou yo ak afè bann mouton an, e vin pote nouvèl ban mwen.” Epi li te ale nan vale Hébron an e li te rive Sichem.


Li te mande yo si tout bagay ale byen. Li te di: “Èske granmoun sou sila nou te pale m nan toujou vivan?”


Joab te di Amasa: “Èske sa byen avèk ou, frè m?” Epi Joab te kenbe Amasa pa bab li avèk men dwat pou bo li.


Alò, Moïse te sòti pou rankontre bòpè li. Li te bese ba e li te bo li, epi yo chak te mande lòt kijan yo te ye, epi yo te antre nan tant la.


Alò, prèt Madian an te gen sèt fi. Yo te vin rale dlo e te ranpli veso yo pou bay bann mouton papa yo dlo.


Alò, David te kite sa l pote sou kont yon jeran, li te kouri vè chan batay la e li te antre pou l ta kapab salye frè li yo.


Alò, David te voye dis jennonm kote l. David te di a jennonm sa yo: “Monte Carmel pou vizite Nabal e salye li nan non mwen.


跟着我们:

广告


广告