Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 29:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Alò, SENYÈ a te wè ke Léa te manke renmen, e Li te ouvri vant li, men Rachel te rete san pitit.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 Lè Senyè a wè jan Jakòb pat renmen Leya, li fè l fè pitit. Men, Rachèl pat kapab fè pitit.

参见章节 复制




Jenèz 29:31
26 交叉引用  

Saraï te esteril. Li pa t fè pitit.


Alò, Saraï, madanm Abram nan pa t bay li pitit. Li te gen yon sèvant Ejipsyen ki te rele Agar.


Paske SENYÈ a te fèmen vant yo a tout kay Abimélec la akoz Sarah, madanm Abraham nan.


Isaac te priye a SENYÈ a anfavè madanm li, akoz li te esteril. Konsa, SENYÈ a te reponn li, e Rebecca, madanm li an te vin ansent.


Epi Ésaü te pote yon rayisman kont Jacob akoz benediksyon an ke papa l te beni li. Konsa, Ésaü te di nan kè l: “Jou doulè pou mò papa m prèt pou fini, alò, mwen va touye frè m, Jacob.”


Alò, Jacob te antre an relasyon ak Rachel osi, e vrèman, li te renmen Rachel plis ke Léa, e li te sèvi avèk Laban pandan yon lòt sèt ane.


Léa te vin ansent. Li te fè yon fis, e li te nonmen li Reuben, paske li te di: “Akoz ke SENYÈ a te wè doulè mwen, asireman koulye a mari mwen va renmen m.”


Alò, Bondye te sonje Rachel. Li te okipe li, e Li te louvri vant li.


fis a Léa yo: Reuben, premye ne a Jacob la, ak Siméon, Lévi, Juda, Issacar avèk Zabulon,


Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a. Fwi a vant la se yon rekonpans.


SENYÈ a te di: “Mwen vrèman te wè soufrans a pèp Mwen an ki an Égypte la, e Mwen te reponn a kri pa yo, akoz sila yo k ap peze yo, paske Mwen konnen soufrans yo.


men Mwen te rayi Ésaü. Mwen te fè mòn li yo vin yon kote dezole, e Mwen te livre eritaj li bay chen mawon dezè yo.”


Sila ki renmen papa li oubyen manman li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen; e sila ki renmen fis li, oubyen fi li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen.


“Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès.


Men yo pa t gen pitit, akoz Elizabeth te esteril, e yo toude te avanse nan laj.


“Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen.


Moun ki renmen vi li va pèdi l, e moun ki rayi vi li nan mond sa a va konsève li jiska lavi etènèl.


Li te bay li akò sikonsizyon an, epi Abraham te vin papa a Isaac, Li te sikonsi li nan uityèm jou a. Isaac te vin papa a Jacob, e Jacob a douz patriyach yo.


“Si yon nonm gen de madanm, youn ke li renmen anpil e lòt la ke li pa renmen, epi toude fè fis pou li, si premye ne a, se pou sila ke li pa renmen an,


Konsa Boaz te pran Ruth. Li te devni madanm li, epi li te antre ladann. Konsa SENYÈ a te fè l kapab vin ansent e li te fè yon fis.


Li te vin rive nan pwòp lè li, apre Anne te vin ansent lan, ke li te bay nesans a yon gason. Epi li te bay li non Samuel. Li te di: “Akòz mwen te mande SENYÈ a pou li.”


Se pou gason sila a ke m te priye a, e SENYÈ a te ban mwen demand ke m te fè Li a.


Men a Anne, li ta bay yon pòsyon doub, paske li te renmen Anne; men SENYÈ a te fèmen vant li.


SENYÈ a te vizite Anne. Li te vin ansent e te bay nesans a twa fis ak de fi. Epi gason Samuel la te grandi devan SENYÈ a.


跟着我们:

广告


广告