Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 29:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 Alò, Jacob te antre an relasyon ak Rachel osi, e vrèman, li te renmen Rachel plis ke Léa, e li te sèvi avèk Laban pandan yon lòt sèt ane.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

30 Jakòb kouche ak Rachèl. Li te renmen l pi plis pase Leya. Li sèvi ak Laban pandan sèt lanne ankò.

参见章节 复制




Jenèz 29:30
17 交叉引用  

Epi zye a Léa yo te fèb, men Rachel te byen bèl nan figi l, ni nan fòm li.


Alò Jacob te renmen Rachel, e konsa li te di: “Mwen va sèvi ou pandan sèt ane pou fi ou ki pi jèn nan, Rachel.”


Jacob te sèvi sèt ane pou Rachel, men yo te parèt a li menm kòmsi se te kèk jou akoz lamou li te gen pou li.


Laban osi te bay sèvant li, Bilha a fi li, Rachel kòm sèvant li.


Alò, SENYÈ a te wè ke Léa te manke renmen, e Li te ouvri vant li, men Rachel te rete san pitit.


Èske li pa rekonèt nou kòm etranje? Paske li gen tan vann nou. Anplis, li te manje tout byen nou ranmase.


Pandan ven ane sa yo, mwen te lakay ou. Mwen te sèvi ou katòz ane pou de fi ou yo, sis ane pou bann mouton ou yo, e ou te fè chanjman salè mwen dis fwa.


Nou te di a mèt mwen: ‘Nou gen yon papa ki granmoun, ak yon timoun li te fè nan vyeyès li. Alò, frè li a gen tan mouri, li sèl ki rete kòm pitit a manman l, e papa li renmen li.’


“Sèvitè ou, papa m, te di nou: ‘Ou konnen ke madanm mwen te fè de fis pou mwen.


Alò, Jacob te sove ale nan peyi Aram, Israël te travay pou resevwa yon madanm. Pou yon madanm, li te fè gadyen mouton.


Sila ki renmen papa li oubyen manman li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen; e sila ki renmen fis li, oubyen fi li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen.


“Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès.


“Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen.


Moun ki renmen vi li va pèdi l, e moun ki rayi vi li nan mond sa a va konsève li jiska lavi etènèl.


“Si yon nonm gen de madanm, youn ke li renmen anpil e lòt la ke li pa renmen, epi toude fè fis pou li, si premye ne a, se pou sila ke li pa renmen an,


跟着我们:

广告


广告