24 Laban osi te bay sèvant li, Zilpa, pou Léa kòm sèvant.
24 Laban te pran Zilpa, yonn nan sèvant li yo, li bay Leya pou sèvant pa li.
Alò, Saraï, madanm Abram nan pa t bay li pitit. Li te gen yon sèvant Ejipsyen ki te rele Agar.
Konsa yo te voye Rebecca, sè yo a ale, avèk bòn li yo, sèvitè Abraham nan ak mesye pa li yo.
Men nan aswè, li te pran fi li, Léa, e li te mennen li kote Jacob. Li te antre an relasyon avèk li.
Nan maten, gade byen, li vin parèt ke se te Léa! Konsa, li te di a Laban: “Kisa sa ou te fè m la a? “Èske se pa pou Rachel ke m te sèvi ou a? Poukisa ou fè m desepsyon sila a?”
fis Zilpa yo, sèvant Léa a: Gad avèk Aser. Sa yo se fis Jacob yo ki te fèt a li menm nan Paddan-Aram.
Sila yo se fis a Zilpha, sila ke Laban te bay a fi li Léa a; epi li te fè pou Jacob sèz moun sa yo.