Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 28:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Konsa, Jacob te leve bonè nan maten. Li te pran wòch ke li te plase anba tèt li a, e li te etabli li tankou yon pilye. Li te vide lwil sou tèt pilye a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Jakòb leve byen bonè, li pran wòch li te fè sèvi l zòrye a, li plante l tankou yon bòn tè, li vide lwil sou li pou mete l apa pou Bondye.

参见章节 复制




Jenèz 28:18
16 交叉引用  

Konsa, Abraham te leve bonè nan maten. Li te pran pen avèk yon kwi dlo, e li te bay yo a Agar. Li te vin mete yo sou zepòl li, li te ba li jènjan an, e li te voye li ale. Li te pati e li te vwayaje nan dezè Beer-Schéba a.


Alò, Abraham te leve granmmaten. Li te sele bourik li, e li te pran de nan jennonm sèvitè li yo avè l, ansanm avèk Isaac, fis li a. Konsa, yo te fann bwa pou ofrann brile a, e yo te leve ale nan plas kote Bondye te di li a.


Li te vini nan yon sèten kote pou te pase nwit lan la, akoz solèy la te gen tan fin kouche. Li te pran youn nan wòch yo, li te mete l anba tèt li, e li te kouche la nan plas sila a.


Mwen menm se Bondye a Béthel la, kote ou te vide lwil sou yon pilye, kote ou te fè sèman a Mwen menm nan. Konsa, leve, kite tè sa a, e retounen nan peyi nesans ou a.’”


Konsa, Jacob te pran yon gwo wòch. Li te fè l kanpe tankou yon pilye.


Jacob te etabli yon pilye nan plas kote Li te pale avèk li a, yon pilye wòch. Li te vide yon bwason kòm ofrann sou li; epi osi li te vide yon lwil sou li.


Jacob te monte yon pilye sou tonm li an, e sa se pilye a tonm Rachel jiska jounen jodi a.


Alò, Absalom, pandan lavi li te fè monte pou li menm yon gwo pilye ki nan Vale a Wa a, paske li te di: “Mwen pa gen fis pou prezève non mwen.” Konsa, li te rele pilye a pa non li e li rele Moniman Absalom jis rive jodi a.


Mwen te fè vit e mwen pa t fè reta pou obeyi kòmandman Ou yo.


Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.


Nan jou sa a, va gen yon lotèl a SENYÈ a nan mitan peyi Égypte la, e yon pilye a SENYÈ a toupre fwontyè li a.


Alò nan jou ke Moïse te fin monte tabènak la, li te onksyone li, e li te konsakre li avèk tout zouti li yo, ak lotèl la, avèk tout zouti li yo. Li te onksyone yo e li te konsakre yo.


Epi Josué te poze douz wòch yo nan mitan Jourdain an nan plas kote pye a prèt yo ki te pote lach akò a te kanpe. Yo la, jis jodi a.


Alò, Samuel te pran yon gwo wòch, e li te poze li antre Mitspa ak Schen e li te ba li non a Ében-Ézer. Li te di: “Jis rive la, SENYÈ a te ede nou.”


跟着我们:

广告


广告