Salomon te vin leve e vwala, se yon rèv li te ye. Konsa, li te vini Jérusalem, e li te kanpe devan SENYÈ a, pou ofri ofrann brile ak ofrann lapè, e li te fè yon fèt pou tout sèvitè li yo.
Li te di: “Koute pawòl Mwen koulye a: Si gen yon pwofèt pami nou, Mwen, SENYÈ a, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt a li menm nan yon vizyon. Mwen va pale avèk li nan yon rèv.
Alò, li te rive ke lè Josué te toupre Jéricho, li te leve zye li anwo e te gade, vwala, yon nonm te kanpe anfas li avèk nepe li rale nan men l. Josué te pwoche l, e li te di li: “Èske ou pou nou oswa kont nou?”