Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 26:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Nan maten, yo te leve bonè. Yo te sèmante a youn lòt, epi Isaac te voye yo ale kite li anpè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 Nan granmaten, yo leve, yo sèmante yonn bay lòt. Apre sa, moun Filisti yo di Izarak orevwa. Yo separe tankou de bon zanmi, epi y'al fè wout yo.

参见章节 复制




Jenèz 26:31
16 交叉引用  

Abram te di a Wa Sodome nan: “Mwen te sèmante a Senyè Bondye Pi Wo a, Mèt sou syèl la avèk tè a,


Epi li te di: “Koulye a, gade byen, frè m yo, souple vire akote nan kay sèvitè ou a, pou pase nwit lan. Lave pye nou, pou nou kapab leve bonè pou fè wout nou.” Malgre sa, yo te di: “Non, men nou va pase nwit lan nan lari a.”


Konsa, Abraham te leve bonè nan maten. Li te pran pen avèk yon kwi dlo, e li te bay yo a Agar. Li te vin mete yo sou zepòl li, li te ba li jènjan an, e li te voye li ale. Li te pati e li te vwayaje nan dezè Beer-Schéba a.


Pou sa, fè sèman ban mwen menm isit la devan Bondye ke ou p ap twonpe ni mwen, ni pitit mwen yo, ni posterite mwen yo, men selon tout gras ke m te montre ou, ou va montre m tou, nan peyi kote ou te demere kon yon etranje a.”


Abraham te pran mouton avèk bèf, e li te bay yo a Abimélec. Konsa, yo de a te fè yon akò.


Alò, Abraham te leve granmmaten. Li te sele bourik li, e li te pran de nan jennonm sèvitè li yo avè l, ansanm avèk Isaac, fis li a. Konsa, yo te fann bwa pou ofrann brile a, e yo te leve ale nan plas kote Bondye te di li a.


Jacob te di: “Premyeman, sèmante ban mwen.” Li te sèmante ba li. Li te vann dwa nesans li an bay Jacob.


Li te vin rive nan menm jou a, ke sèvitè Isaac yo te antre e te avèti li de yon pwi ke yo te fouye. Yo te di li: “Nou gen tan twouve dlo.”


Alò, kounye a vin non, annou fè yon akò, ou menm avèk mwen menm. Annou fè li kòm yon temwen antre ou menm avèk mwen.”


Granmmaten, Laban te leve. Li te bo fis li yo ak fi li yo, e li te beni yo. Alò, Laban te retounen nan plas li.


Paske moun toujou sèmante pa yon moun ki pi gran pase yo, e nan nenpòt malantandi yon sèman ki fèt avèk yon akò fèmen tout diskisyon.


Alò mesye Israël yo te byen peze nan jou sa a, paske Saül te mete pèp la anba yon sèman, e te di: “Modi se mesye ki manje manje avan nwit lan, jiskaske mwen fè vanjans sou lènmi mwen yo.” Konsa, pa t gen nan pèp la ki te goute manje.


Men David te fè ve ankò, e li te di: “Papa ou konnen byen ke mwen te jwenn favè nan zye ou, e li te di: ‘Pa kite Jonathan konnen bagay sa a, oswa li va blese.’ Men anverite, jan SENYÈ a viv la e jan nanm ou viv la, gen sèlman yon pa antre mwen ak lanmò.”


Konsa, David te mande li: “Èske ou va mennen mwen desann kote lame sila a?” Li te reponn: “Sèmante a mwen menm pa Bondye pou ou pa touye mwen ni livre mwen nan men a mèt mwen an, epi mwen va mennen ou desann kote lame sa a.”


跟着我们:

广告


广告