13 Mesye a te vin rich e li te kontinye vin pi rich jiskaske li te vin ranmase anpil gwo richès.
13 Misye vin rich. Li t'ap fè lajan toujou jouk li rive vin rich anpil anpil.
Epi Abram te trè rich nan bèt, lajan ak nan lò.
SENYÈ a te beni mèt mwen an anpil, jiskaske li vin reyisi anpil. Li te bay li bann mouton ak twoupo, lò ak lajan, sèvitè ak sèvant yo, e chamo ak bourik.
Konsa, nonm nan te vin pwospere anpil. Li te vin gen gwo bann mouton, sèvant ak sèvitè, chamo avèk bourik.
Anpil byen ak gwo richès rete lakay li. Ladwati li dire pou tout tan.
Benediksyon SENYÈ a fè moun rich; konsa li pa mele ak chagren.