24 Lè jou li yo pou akouche te rive, gade, te gen jimo nan vant li.
24 Lè jou pou Rebeka akouche a rive, li fè de marasa.
SENYÈ a te di li: “Gen de nasyon nan vant ou. De pèp va vin separe sòti nan vant ou. Yon pèp va pi pwisan ke lòt la. Pi gran an va sèvi pi jèn nan.”
Premye a te vin parèt byen wouj. Li te kouvri toupatou tankou yon rad ki plen plim sou li. Yo te nonmen li Ésaü.
Alò, sa yo se achiv jenerasyon Ésaü yo, (sa vle di, Edom).
Li te vin rive nan lè ke li t ap akouche a, gade byen, te gen jimo nan vant li.
Abraham te fè Isaac. Fis a Isaac yo se te Ésaü avèk Israël.
Nou pa pou meprize yon Edomit, paske li se frè nou. Nou pa pou meprize yon Ejipsyen, paske nou te yon etranje nan peyi li.
A Isaac, Mwen te bay Jacob avèk Ésaü. A Ésaü, Mwen te bay Mòn Séir pou posede l, men Jacob avèk fis li yo te desann an Égypte.