Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 24:63 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

63 Isaac te ale deyò pou fè meditasyon nan chan an nan aswè. Lè li te leve zye li pou gade, gade byen, chamo yo t ap vini.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

63 Yon jou swa, Izarak t'ap pwonmennen deyò nan jaden li, li t'ap kalkile. Li leve je l, li gade, li wè kèk chamo ki t'ap vini.

参见章节 复制




Jenèz 24:63
12 交叉引用  

Lè li te leve zye li pou te gade, men twa mesye ki te kanpe anfas li. Lè li te wè yo li te kouri sòti nan pòt tant lan pou rankontre yo, e li te bese tèt li atè.


Rebecca te leve zye li, e lè li te wè Isaac, li te desann chamo a.


men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a. Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.


Kite refleksyon mwen yo fè L plezi. Pou kont mwen, mwen va kontan nan SENYÈ a.


Mwen va reflechi sou règleman Ou yo, e okipe chemen Ou yo.


Fè m konprann chemen òdonans Ou yo, pou m kab reflechi tout tan sou mèvèy Ou yo.


Mwen va lonje men m vè kòmandman Ou yo ke m tèlman renmen. Mwen va reflechi tout tan sou règleman Ou yo. ZAYIN


Sou bèlte e glwa a majeste Ou avèk zèv mèvèy Ou yo, mwen va reflechi tout tan.


“Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.


跟着我们:

广告


广告