33 Depi lè ke li fin pale ak Abraham nan, SENYÈ a te pati, e Abraham te retounen nan kote pa li.
33 Apre li fin pale ak Abraram, Senyè a al fè wout li. Abraram menm tounen lakay li.
Lè Li te fin pale avèk li, Bondye te monte kite Abraham.
Alò, mesye yo te leve la e yo te gade pi ba vè Sodome; epi Abraham t ap mache avèk yo pou voye yo ale.
Alò, mesye yo te vire kite la, e te ale vè Sodome, pandan Abraham toujou kanpe devan SENYÈ a.
Yo te tande son a SENYÈ Bondye a ki t ap mache nan jaden an nan frechè jounen an, e lòm nan avèk fanm nan te kache tèt yo de prezans SENYÈ Bondye a pami bwa yo nan jaden an.
Granmmaten, Laban te leve. Li te bo fis li yo ak fi li yo, e li te beni yo. Alò, Laban te retounen nan plas li.
Alò, pandan Jacob te fin pran wout li, zanj Bondye yo te rankontre li.
Epi nonm nan te di: “Lage m, paske jou a pwòch.” Men Jacob te di: “Mwen p ap lage ou amwenske ke ou beni m.”
Konsa, Bondye te monte kite li nan plas kote Li te pale avèk li a.
Epi kòlè SENYÈ a te brile kont yo, e Li te pati.