Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 15:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Men mwen va osi jije nasyon ke yo va sèvi a, e apre yo va sòti deyò avèk anpil byen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Men, apre sa, m'ap pini nasyon ki va pran yo fè esklav la. Konsa, lè lè a va rive pou yo kite peyi sa a, y'a sòti avèk anpil anpil richès.

参见章节 复制




Jenèz 15:14
24 交叉引用  

Konsa, Israël te di a Joseph: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, men Bondye va avèk ou, e Li va mennen ou retounen nan peyi a zansèt ou yo.


Joseph te di frè li yo: “Mwen prèt pou mouri men Bondye va asireman pran swen nou, e Li va fè nou sòti nan peyi sa a vè peyi ke li te pwomèt nan sèman li a Abraham, Isaac, ak Jacob la.”


Li te sonje pawòl sen Li yo avèk Abraham, sèvitè Li a.


Paske SENYÈ a va jije pèp Li a, e va gen konpasyon pou sèvitè Li yo.


Li te voye sign ak mèvèy nan mitan nou, O Égypte, sou Farawon avèk tout sèvitè Li yo.


Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche, e te fè mal devan zye Ou. Akoz sa, Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.


Alò li te vin rive nan minwi, SENYÈ a te frape tout premye ne nan peyi Égypte yo, depi premye ne a Farawon ki te chita sou twòn li an, jis rive nan premye ne nan kaptif ki te nan prizon yo, e menm tout premye ne nan bèt yo.


Pou sa, vin koulye a, e Mwen va voye ou kote Farawon, pou ou kapab mennen fis Israël yo soti an Égypte.”


“Epi nenpòt nasyon ki ta mete yo nan esklavaj, Bondye te di: ‘Mwen Menm, Mwen va jije’, epi apre sa, yo va sòti la pou sèvi Mwen nan plas sila a.”


Men SENYÈ a te pran nou e mennen nou sòti nan founo fè a, an Égypte, pou nou kapab yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, tankou jodi a.


Anplis, SENYÈ a te montre gwo sign dezas ak mèvèy devan zye nou kont Égypte, Farawon, ak tout lakay li.


paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki te mennen nou avèk zansèt nou yo monte sòti nan peyi Égypte la, soti nan kay esklavaj la, ki te fè gwo sign sila yo nan mitan nou. Se Li ki te pwoteje nou nan tout chemen kote nou pase e pami tout pèp nan mitan a sila nou te pase yo.


“Lè Jacob te antre an Égypte, zansèt nou yo te kriye fò a SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a te voye Moïse avèk Aaron ki te mennen zansèt nou yo sòti an Égypte, e Li te fè yo vin rete nan plas sa a.


跟着我们:

广告


广告