Alò, vale Siddim nan te ranpli avèk fon azfòt yo, epi wa Sodome avèk Gomorrhe yo te sove ale, e kèk tonbe la. Men sila ki te chape yo te sove ale, rive nan tèt mòn yo.
Epi wa Sodome nan avèk wa Gomorrhe a avèk wa Adma ak wa Tseboïm nan, e wa Béla a, (ki se Tsoar); te vin parèt. Yo ranje yo pou fè batay kont yo nan vale Siddim nan,
dlo ki t ap kouri desann soti anwo yo te kanpe, e te leve wo fè yon pil, a yon gran distans de la, nan Adam, vil ki akote Tsarthan an; epi dlo sa yo ki t ap kouri desann vè lanmè Araba a, ak Lamè Sale a, te vin koupe nèt. Konsa pèp la te travèse anfas Jéricho.