Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 8:46 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

46 Kilès nan nou ki gen prèv ke M peche? Si Mwen pale laverite, poukisa nou pa kwè M?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

46 Kilès nan nou ki ka bay prèv mwen fè peche? Si sa m di a se vre, poukisa nou pa kwè mwen?

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

46 Kilès nan nou ki kapab montre m mwen fè peche? Si m di nou verite a pou kisa nou pa kwè m?

参见章节 复制




Jan 8:46
12 交叉引用  

Batèm a Jean an, kibò li sòti? Èske sous li se syèl la, oubyen lòm?” Konsa, yo te kòmanse rezone pami yo menm. Yo te di: “Si nou di ‘syèl la’, L ap di nou ‘ebyen poukisa nou pa t kwè l?’


Yo te rezone pami yo menm pou di: “Si nou di ‘nan syèl la’, l ap di poukisa nou pa t kwè li?


“Mwen p ap pale anpil anplis avèk nou, paske mèt a mond sa a ap vini, e li pa gen anyen nan Mwen.


Si nou kenbe kòmandman Mwen yo, nou ap rete nan amou Mwen. Menm jan ke Mwen te kenbe kòmandman a Papa M yo, e rete nan amou pa Li a.


E Li, lè L vini, L ap konvenk lemonn konsènan peche, ladwati, ak jijman.


Pou sa, Pilate te di Li: “Alò se yon wa ke Ou ye?” “Ou di byen kòrèk, ke se yon wa ke Mwen ye. Pou sa Mwen fèt, e Pou sa Mwen vini nan lemonn. Pou pote temwayaj a laverite. Tout moun ki nan laverite a tande vwa M.”


“Sila ki se pou Bondye, tande pawòl a Bondye. Men nou pa tande, paske nou pa pou Bondye.”


Men lè yo te pèsiste avèk demann sa a, Li te leve dwat epi te reponn yo: “Sila a ki pa gen peche pami nou, kite l se premye moun pou voye yon wòch sou li.”


Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.


Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.


Paske se te byen an lòd pou nou ta gen yon wo prèt konsa, sen inosan, san tach, separe de pechè yo e egzalte piwo ke syèl yo;


Sila ki pa t fè okenn peche ni okenn desepsyon pa t twouve nan bouch Li a.


跟着我们:

广告


广告