Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 8:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Skrib yo ak Farizyen yo te mennen yon fanm ki te kenbe nan adiltè e te fè l chita nan mitan yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo mennen yon fanm ba li. Yo te bare fanm lan nan adiltè. Yo mete l kanpe devan tout foul moun yo,

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Eskrib yo ak Farizyen yo te mennen yon fanm yo te kenbe nan adiltè bay Jezi. Yo fòse fanm nan kanpe devan tout moun.

参见章节 复制




Jan 8:3
10 交叉引用  

Konsa, Mwen va jije ou kon fanm k ap komèt adiltè, oswa k ap vèse san moun ta jije. Epi Mwen va mennen sou ou san gwo kòlè a ak jalouzi.


Men yo menm, moun ladwati yo, va jije yo ak jijman a yon fanm adiltè, e avèk jijman a yon fanm ki te vèse san, akoz se fanm adiltè ke yo ye, epi yo gen san sou men yo.


Sila ki te twouve li yo nan ranmase bwa a te mennen li vè Moïse avèk Aaron, ak tout asanble a.


Li te rasanble tout chèf prèt yo avèk skrib a pèp la, e te kòmanse mande yo kote Kris la t ap fèt la.


Gran maten a Li te vini ankò nan tanp lan, e tout pèp la t ap vin kote Li. E Li te chita, pou kòmanse enstwi yo.


Yo te di Li: “Mèt, fanm sa te kenbe nan adiltè, nan zak la menm.


Lè yo tande sa, yo te kòmanse kite kote a youn pa youn. Sa te kòmanse avèk pi granmoun pami yo. Konsa, yo te kite Li la pou kont Li avèk fanm nan ki te rete menm kote li te ye a nan mitan lakou a.


Yo te mennen sila a ki te avèg la devan Farizyen yo.


Lè yo te kanpe yo nan mitan yo, yo te kòmanse mande yo: “Pa ki pouvwa, oswa nan ki non nou te fè sa a?”


Kidonk, si li vin jwenn yon lòt gason pandan mari li vivan an, yo va rele li yon adiltè, men si mari a mouri, li va lib de lwa a pou li pa yon adiltè, malgre li jwenn yon lòt gason.


跟着我们:

广告


广告