Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 7:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Men anpil nan foul la te kwè nan Li, e t ap di: “Lè Kris la vini, èske nou sipoze l ap fè plis sign pase sa mesye sila a gen tan fè yo?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 Atousa, te gen anpil moun nan foul pèp la ki te kwè nan li. Yo t'ap di: — Lè Kris la va vini, eske la fè plis mirak pase nonm sa a?

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

31 Men te gen anpil nan moun sa yo ki te kwè nan Jezi. Yo di: “Nonm sa a tèlman fè mirak. Lè Mesi a va vini, èske l ap ka fè plis mirak pase nonm sa a?”

参见章节 复制




Jan 7:31
19 交叉引用  

Tout foul la te etone, e te kòmanse di: “Èske se posib ke moun sa a kapab Fis a David?”


“Sila yo nan tè plen wòch la se sila yo ke lè yo tande, resevwa pawòl la avèk jwa, men yo pa gen rasin. Yo kwè pou yon tan, epi nan tan tantasyon, yo lage tonbe.


Pou sa, anpil nan sa ki te vin kote Marie yo, e ki te wè sa Li te fè a, te kwè nan Li.


Paske akoz li menm, anpil nan Jwif yo t ap kite e t ap kwè nan Jésus.


Malgre sa, menm anpil nan gran chèf yo te kwè nan Li, men akoz Farizyen yo, yo pa t konfese sa a, akoz krent ke yo ta vin mete deyò nan sinagòg la.


Sa se te premye nan mirak pa L yo ke Li te fè nan Cana nan Galilée, e te montre glwa Li, epi disip Li yo te kwè nan Li.


Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: “Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske Bondye avè L.”


“Vin wè yon nonm ki te di mwen tout bagay ke mwen fè. Nou pa sipoze ke se Li menm ki Kris la?”


Anpil nan Samariten ki sòti nan vil sa a te kwè nan Li, akoz pawòl yo ke fanm nan te bay kon temwayaj “Li te di mwen tout bagay ke mwen fè”.


E yon gran foul te swiv Li paske yo te wè sign ke Li t ap fè sou sa ki te malad yo.


Epi gade, L ap pale devan tout moun, e yo p ap di L anyen. Otorite yo pa petèt sipoze konnen ke sa se Kris La?


Pou sa, kèk nan Farizyen yo t ap di: “Nonm sa a pa sòti nan Bondye, paske Li pa kenbe Saba a.” Men lòt t ap di: “Kijan yon mesye ki se yon pechè kapab fè tout mirak sa yo?” Epi te gen yon divizyon pami yo.


Menm Simon te vin kwè, epi apre li te batize li te kontinye avèk Philippe. Akoz li te wè anpil sign ak mirak ki t ap fèt, li te etone tout tan.


Paske menm jan ke kò san lespri a mouri deja, menm jan an tou lafwa san zèv deja mouri.


跟着我们:

广告


广告