Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 7:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Malgre sa, pèsòn pa t pale ovètman konsènan Li, paske yo te pè Jwif yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Men, pèsonn pat nonmen non l fò pou lòt moun pat tande, sitèlman yo te pè jwif yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Men pa t gen yon moun ki te brav ase pou l ta pale de li pou tout moun tande. Yo te pè lidè Jwif yo.

参见章节 复制




Jan 7:13
13 交叉引用  

Lakrent a lòm mennen yon pèlen; men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.


Apre bagay sa yo, Joseph d'Arimathée, ki te yon disip a Jésus, men an sekrè akoz perèz a Jwif yo, te mande Pilate pou l kite li pran kò Jésus. E Pilate te bay li pèmisyon.


Konsa, lè l fènwa nan menm jou sa a, premye jou nan semèn nan, lè pòt yo te fèmen kote disip yo te ye a, akoz laperèz a Jwif yo, Jésus te vini epi kanpe nan mitan yo. Li te di yo: “Lapè avèk nou.”


Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: “Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske Bondye avè L.”


Apre bagay sa yo, Jésus t ap mache nan Galilée. Li pa t dakò pou mache nan Judée pwiske Jwif yo t ap chache pou touye L.


Konsa, Jwif yo t ap chache pou Li nan fèt la e t ap di: “Kote Li ye?”


Pou sa, Jwif yo te etone, e t ap di “Kijan nonm sa a vin edike konsa, konsi Li pa te janm enstwi?”


Paran li te pale konsa paske yo te krent Jwif yo. Pwiske Jwif yo te deja dakò ke si nenpòt moun te konfese L kon Kris la, yo ta mete l deyò nan sinagòg la.


Yo te reponn li e te di: “Ou te fèt nèt nan peche! Èske ou ap enstwi nou?” Konsa, yo te mete l deyò.


Mwen konnen kote nou rete, kote twòn a Satan an ye. Nou kenbe fèm nan Non Mwen, e nou pa t nye lafwa nan Mwen an, menm nan jou Antipas yo, temwen Mwen an, fidèl Mwen an, ki te touye pami nou, kote Satan rete a.


跟着我们:

广告


广告