Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 6:69 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

69 Nou te kwè, epi te vin konnen ke Ou se Li Menm ki Kris la, Fis a Bondye vivan an.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

69 Kounyeya nou kwè, nou konnen se ou menm ki moun Bondye chwazi a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

69 Nou kwè nan ou. Nou konnen se ou menm ki Moun Bondye konsakre a.”

参见章节 复制




Jan 6:69
18 交叉引用  

Simon Pierre te reponn Li: “Ou menm se Kris La, Fis a Bondye vivan an.”


Kòmansman bòn nouvèl Jésus Kris la, Fis Bondye a.


pou di: “Kisa nou gen avè w, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen kilès Ou ye Sila ki Sen Bondye a!”


Li te kesyone yo plis; “Men kilès nou menm nou di ke Mwen ye?” Pierre te reponn e te di Li: “Ou menm se Kris la.”


Li te mande yo: “Men kilès nou menm, nou di ke Mwen ye”? Pierre te reponn. Li te di: “Kris la a Bondye a.”


Nan jou aprè li te wè Jésus ki t ap vin kote l e te di: “Men gade Jenn Mouton Bondye a k ap retire peche mond lan.


Li te twouve premyèman frè li, Simon, e te di Li: “Nou te twouve Mesi a, ki tradwi se Kris la.”


èske ou di a Li menm, Sila a ke Papa a te fè sen, epi voye nan lemonn nan: ‘W ap blasfeme’ akoz Mwen di ke Mwen menm se Fis Bondye a?


Li te di Li: “Wi, Senyè, Mwen gen tan kwè ke Ou se Kris la, Fis a Bondye, menm Li menm ki vini nan mond lan.”


Thomas te reponn: “Senyè mwen, e Bondye mwen!”


Men sila yo te ekri pou nou kapab kwè ke Jésus se Kris la, Fis a Bondye. Epi ke nan kwè sa a, nou kapab gen lavi etènèl nan non Li.


Pandan yo t ap prale nan wout la, yo te vin toupre yon dlo. Konsa, linik lan te di: “Men gade, dlo! Kisa ki anpeche m ta batize.”


konsènan Fis Li a ki te ne de yon desandan David selon lachè,


jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak konesans a Fis Bondye a, yon moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la.


Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lamou ke Bondye gen pou nou. Bondye se lamou, epi sila ki rete nan lamou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li.


Nenpòt ki kwè ke Jésus se Kris la, se ne a Bondye. Nenpòt ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li.


Nou konnen ke Fis Bondye a gen tan vini, e te bay nou konprann pou nou ta kapab konnen Li ki se vrè. Konsa, nou nan Li ki se vrè, nan Fis Li, Jésus Kri. Sa se vrè Bondye a epi lavi etènèl la.


跟着我们:

广告


广告