Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 6:64 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

64 “Men gen nan nou ki pa kwè.” Pwiske Jésus te konnen depi nan kòmansman kilès nan yo ki pa t kwè, epi kilès li te ye ki t ap trayi li a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

64 Men, gen kèk moun pami nou ki pa kwè. (Jezi te pale konsa, paske depi nan konmansman li te konnen moun ki pa t'ap kwè yo ansanm ak moun ki te gen pou trayi l la.)

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

64 Men gen kèk nan nou ki pa kwè.” (Jezi te konnen moun ki pa t kwè yo. Li te konnen sa depi okòmansman. Epi Li te konnen kilès ki ta livre li bay lènmi li yo tou.)

参见章节 复制




Jan 6:64
20 交叉引用  

Simon, Zelòt la ak Judas Iscariot, sila ki te trayi Jésus a.


Men nou pa kwè, paske nou pa mouton Mwen yo.


Jésus, byen okouran sou tout bagay ki t ap vini sou Li yo, te vin parèt epi te di yo: “Kilès n ap chache?”


Men Mwen konnen nou, ke nou pa genyen lamou Bondye nan nou menm.


“Men Mwen di nou ke nou wè M, e malgre, nou pa kwè.


Konsa, anpil nan disip Li yo lè yo te tande sa te di: “Pawòl sa a tèlman difisil. Ki moun ki ka tande sa?”


Men Jésus, byen konprann ke yo t ap plenyen konsa, te di yo: “Èske sa fè nou kilbite tonbe?


Akoz sa a, anpil nan disip Li yo te retire kò yo, e pa t ap mache avèk Li ankò.


Li t ap di yo: “Nou sòti pa anba, men Mwen sòti pa anwo. Nou a lemonn sila a; Mwen pa a lemonn sila a.


“Nou poko vin rekonèt Li, men Mwen menm, mwen konnen Li. Si Mwen di ke M pa konnen L, Mwen ta yon mantè tankou nou menm, men Mwen vrèman konnen Li, e kenbe pawòl Li.


di Senyè a ki fè tout bagay sila yo konnen depi nan tan ansyen an.


Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè.


Malgre fondasyon Bondye a kanpe byen fèm, e li gen so sila a sou li: “Senyè a konnen sila ki pou Li yo”, epi: “Ke tout moun ki nonmen non Senyè a rete lwen mechanste.”


Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije ran kont.


跟着我们:

广告


广告