Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 6:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 “Papa zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a. Kon li ekri a: ‘Li te bay yo pen ki sòti nan syèl la pou yo manje.’”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, jan sa ekri nan Liv la: Li ba yo pen ki sòti nan syèl la pou yo manje.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

31 Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a. Tankou jan Bib la di l: Li te ba yo pen ki soti nan syèl pou yo manje.”

参见章节 复制




Jan 6:31
14 交叉引用  

Ou te founi pen soti nan syèl la pou grangou yo, epi Ou te mennen dlo soti nan yon wòch pou yo menm, pou swaf yo, epi Ou te di yo antre ladann nan peyi ke Ou te sèmante pou bay yo pou posede a.


Ou te bay bon lespri pa Ou pou enstwi yo. Lamàn Ou, Ou pa t refize fè antre nan bouch yo. Ou te bay yo dlo pou lè yo te swaf.


Yo te mande e li te pote zòtolan pou te satisfè yo avèk pen syèl la.


Fis Israël yo te manje lamàn pandan karant ane, jis lè yo te rive nan yon peyi ki te peple deja. Yo te manje lamàn jis yo rive nan fwontyè peyi Canaan an.


Pou sa, Jésus te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, se pa Moïse ki te bay nou pen ki sòti nan syèl la, men se Papa M ki bay nou vrè pen ki sòti nan syèl la.


“Papa zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, e yo te mouri.


“Sa se pen ki desann sòti nan syèl la. Se pa kon papa zansèt yo te manje a, e te mouri. Sila a ki manje pen sila a va viv jis pou janmen.”


e yo tout te manje menm manje lespri a.


“Li te fè nou vin enb e grangou. Epi konsa, Li te bannou manje lamàn ke nou pa t janm konnen, ni zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou konprann ke lòm pa viv sèlman pa pen, men lòm viv pa tout bagay ki sòti nan bouch SENYÈ a.


Lamàn te sispann nan jou apre yo te manje kèk nan pwodwi tè yo. Konsa, fis Israël yo pa t gen lamàn ankò, men yo te manje nan donn tè Canaran an pandan ane sa a.


“Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, a li menm, Mwen va bay kèk nan lamàn kache a, e Mwen va ba li yon wòch blan avèk yon non tounèf ki ekri sou wòch la ke pèsòn p ap konnen, sinon sila ki resevwa l la.


跟着我们:

广告


广告