Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 4:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Antre tan, disip yo t ap di L: “Rabbi, manje.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 Disip yo menm, bò pa yo, yo te cho nan kò Jezi pou li manje. Yo t'ap di li: — Tanpri, Mèt, pran kichòy non!

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

31 Pandan fanm nan te nan vil la, disip Jezi yo t ap ankouraje Jezi konsa: “Mèt, manje yon bagay non!”

参见章节 复制




Jan 4:31
18 交叉引用  

Men lè manje a te plase devan li, li te di: “Mwen p ap manje jiskaske mwen pale de misyon mwen an.” Laban te di: “Pale toujou”.


ak salitasyon ki plen respè nan mache yo, e pou tout moun rele yo ‘Rabbi’ (Mèt).


“Men pa kite yo rele nou ‘Rabbi’, paske se yon sèl ki Mèt nou, e nou tout se frè nou ye.


Judas, ki t ap trayi Li a te reponn: “Asireman se pa mwen menm, Rabbi (Mèt)?” Li te reponn li: “Se ou menm ki di l.”


Touswit, Li te ale kote Jésus. Li te di: “Bonswa Rabbi (Mèt)!” e li te bo Li.


Konsa, Pierre te sonje, e te di Li: “Rabbi, gade pye fig frans ke Ou te modi a gen tan vin sèch”.


Lè l rive, l ale lapoula bò kote Li, e te di: “Mèt!”, e te bo Li.


Pierre te reponn pou di Jésus: “Mèt, se bon pou nou isit la; annou fè twa tabènak, youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Élie.”


Konsa, Jésus te vire pou wè yo t ap swiv Li, e te di yo: “Kisa n ap chache”? Yo te di Li: “Rabbi, ki tradwi vle di ‘Mèt’, se kibò w ap rete?”


Natanaël te reponn Li: “Rabbi, ki vle di ‘Mèt’, Ou menm se Fis Bondye a. Ou se Wa Israël la.”


Disip Li yo te di Li: “Rabbi, fenk koulye a Jwif yo t ap eseye lapide Ou, epi W ap prale la ankò?”


Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: “Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske Bondye avè L.”


Yo te vin kote Jean pou di l, “Rabbi, Li menm ki te avèk ou lòtbò Jourdain an, pou Li menm ke ou te bay temwayaj la. Gade, l ap batize, e tout moun ap vin kote Li.”


Yo te kite lavil la e t ap vin kote l.


Men Li te di yo: “Mwen gen manje ke nou pa konnen.”


E lè yo te twouve Li lòtbò lamè a, yo te di L: “Rabbi, kilè ou rive la a?”


Konsa, disip Li yo te mande: “Rabbi, kilès ki te peche. Mesye sa, oswa paran li yo pou li ta fèt avèg?”


跟着我们:

广告


广告