Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 21:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Apre bagay sa yo, Jésus te vin parèt ankò a disip yo bò kote Lanmè Tibériade la, e se konsa li te vin parèt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Kèk jou apre sa, Jezi fè disip yo wè l ankò, bò lanmè Tiberyad la. Men ki jan sa te pase:

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Apre sa, Jezi fè disip yo wè l ankò bò lanmè Galile a. Men kijan sa te pase:

参见章节 复制




Jan 21:1
11 交叉引用  

Men lè M leve, M ap prale devan nou Galilée.”


Men onz disip yo te fè wout yo pou Galilée, vè mòn ke Jésus te dezinye a.


“Epi ale vit pou di disip Li yo ke Li leve soti nan lanmò. Epi gade byen, l ap prale devan nou nanGalilée. La nou va wè Li. Gade byen, mwen gen tan di nou sa.”


Epi apre sa, Li te parèt nan yon lòt fòm a yo de pandan yo t ap mache fè wout yo andeyò.


Apre, Li te vin parèt a onz yo menm, pandan yo te sou tab. Li te bay yo repwòch pou enkredilite ak kè di yo, paske yo pa t kwè sila ki te wè l yo apre li te leve a.


Men ale, pale disip Li yo, ansanm avèk Pierre; L ap prale devan nou Galilée. La nou va wè Li jan ke Li te di nou an.”


Sa koulye a se twazyèm fwa ke Jésus te vin parèt a disip yo, depi Li te leve soti nan lanmò a.


Apre bagay sa yo, Jésus te ale lòtbò Lamè Galilée a (oubyen Tibériade).


Te gen lòt ti kannòt ki te sòti Tibériade toupre plas kote yo te manje pen an apre Senyè a te bay remèsiman an.


A sila yo osi Li te prezante tèt li vivan apre soufrans Li, e avèk anpil prèv konvenkan, Li te parèt a yo menm pandan karant jou, e te pale avèk yo de bagay ki te konsène wayòm syèl la.


跟着我们:

广告


广告