Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 20:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 E lè Li te di sa, li te soufle sou yo e te di yo: “Resevwa Lespri Sen an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

22 Apre pawòl sa yo, li soufle sou yo, li di yo: — Resevwa Sentespri.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Lè l te fin pale konsa, li soufle sou yo epi li di yo: “Resevwa Sentespri a.”

参见章节 复制




Jan 20:22
17 交叉引用  

Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan.


Se Lespri Bondye ki te fè m, e souf Toupwisan an ki ban m lavi.


Avèk pawòl SENYÈ a syèl yo te fèt: pa souf a bouch Li, tout lame syèl yo.


Epi li te di mwen: “Pwofetize a souf lavi a! Pwofetize, fis a lòm, e di a souf lavi a: ‘Konsa pale Senyè BONDYÈ a: “Vin sòti nan kat van yo, O souf lavi, e soufle sou sila ke yo te touye yo, pou yo ka vin vivan.”’”


“Konsa, M ap mande Papa a, e Li va bay nou yon lòt konseye, pou Li kapab avèk nou jis pou janmen.


“Lè Konseye a vini, sila a ke M ap voye bay nou sòti nan Papa a, sa se Lespri verite a, ki sòti nan Papa a, L ap fè temwayaj de Mwen.


“Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale, Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale, M ap voye Li bay nou.


Pou sa, Jésus te di yo ankò: “Lapè avèk nou. Kon Papa a te voye M nan, osi, Mwen voye nou.”


“Si nou padonnen peche a nenpòt moun, peche yo ap gen tan padonnen. E si nou kenbe peche a nenpòt moun, y ap kenbe.”


Men sa, Li te pale konsènan Lespri a, ke sa ki te kwè nan Li yo ta resevwa. Paske Lespri a poko te parèt, akoz Jésus poko te vini nan glwa Li.


“Èske pèsòn kapab refize dlo pou sa yo ta kapab batize, sila ki te resevwa Lespri Sen an, menm jan ak nou?”


Li te mande yo: “Èske nou te resevwa Lespri Sen an lè nou te kwè a?” Yo te reponn li: “Non, nou pa menm konn tande si gen yon Lespri Sen.”


Pierre te di yo: “Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an.


Yo tout te vin ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te kòmanse pale avèk lòt lang jan Lespri a t ap bay yo kapasite eksprime.


Alò, Pierre ranpli avèk Lespri Sen an, te di yo: “Chèf ak ansyen a pèp la,


Lè yo te vin desann, yo te priye pou yo ta kapab resevwa Lespri Sen an.


Sèl bagay ke m vle konnen de nou; Èske nou te resevwa Lespri a pa zèv Lalwa yo, oubyen pa tande avèk lafwa?


跟着我们:

广告


广告