Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 20:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Konsa, lè l fènwa nan menm jou sa a, premye jou nan semèn nan, lè pòt yo te fèmen kote disip yo te ye a, akoz laperèz a Jwif yo, Jésus te vini epi kanpe nan mitan yo. Li te di yo: “Lapè avèk nou.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Menm jou dimanch sa a, nan aswè, disip yo te reyini nan yon kay. Yo te fèmen pòt yo akle paske yo te pè jwif yo. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di yo: — Lapè avèk nou!

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Premye jou nan senmenn nan, byen ta nan apre midi, disip yo te ansanm nan yon kay. Poutèt yo te pè Jwif yo, yo fèmen pòt la. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo epi li di yo: “Lapè avèk nou!”

参见章节 复制




Jan 20:19
27 交叉引用  

Pou koz a frè m yo ak zanmi mwen yo, m ap di koulye a, “Ke lapè anndan ou”.


Epi si kay la gen merit, ke benediksyon lapè nou rete sou li, men si li pa gen merit, ke benediksyon lapè nou retounen sou nou.


Paske kote de oubyen twa reyini ansanm nan non Mwen, Mwen la nan mitan yo.”


Apre, Li te vin parèt a onz yo menm, pandan yo te sou tab. Li te bay yo repwòch pou enkredilite ak kè di yo, paske yo pa t kwè sila ki te wè l yo apre li te leve a.


Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.


“Konsa, nou menm tou gen tristès koulye a. Men Mwen va wè nou ankò, e kè nou ap rejwi, e pèsòn p ap retire jwa nou ankò.


“Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”


Pou sa, Jésus te di yo ankò: “Lapè avèk nou. Kon Papa a te voye M nan, osi, Mwen voye nou.”


Uit jou pi tà, disip Li yo te anndan, epi Thomas te avèk yo. Jésus te vini lè pòt yo te fèmen. Li te kanpe nan mitan yo, e te di: “Lapè avèk nou!”


Apre bagay sa yo, Jésus te vin parèt ankò a disip yo bò kote Lanmè Tibériade la, e se konsa li te vin parèt.


Sa koulye a se twazyèm fwa ke Jésus te vin parèt a disip yo, depi Li te leve soti nan lanmò a.


Malgre sa, pèsòn pa t pale ovètman konsènan Li, paske yo te pè Jwif yo.


A sila yo osi Li te prezante tèt li vivan apre soufrans Li, e avèk anpil prèv konvenkan, Li te parèt a yo menm pandan karant jou, e te pale avèk yo de bagay ki te konsène wayòm syèl la.


Pou koulye a ke Bondye lapè a kapab avèk nou tout. Amen.


Epi ke Li te parèt a Céphas, e answit, a douz yo.


Paske Li menm, Li se lapè nou, ki te fè de gwoup sa yo vin yon sèl, e ki te kraze baryè miray divizyon an,


Lapè avèk frè nou yo, e lanmou avèk lafwa, ki soti nan Bondye, Papa a, ak Senyè a Jésus Kri.


Lagras pou nou, ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, e Senyè a Jésus Kri.


Koulye a, ke Senyè lapè a, Li menm, kontinye bannou lapè nan tout sikonstans. Ke Senyè a avèk nou tout!


a li menm osi Abraham te bay yon dim nan tout piyaj la, ki te dabò, nan tradwi non li, wa ladwati, e menm osi wa Salèm, ki vle di wa lapè.


men mwen espere ke mwen va wè nou toutalè, epi nou va pale fas a fas.


Jean, a sèt legliz ki an Asie yo: Gras pou nou ak lapè, ki soti nan Sila ki la, ki te la, e ki va vini an; ki soti anplis nan sèt lespri ki devan twòn Li an;


跟着我们:

广告


广告