Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 19:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 Konsa, lè Jésus te resevwa diven si a, Li te di: “Li se fini!” Epi Li te bese tèt Li e te rann lespri Li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

30 Lè Jezi fin pran vinèg la, li di: — Tou sa ki pou te rive rive! Apre sa, li bese tèt li, li mouri.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

30 Kou Jezi pran vinèg la, li di: “Misyon akonpli.” Epi, li bese tèt li, li rann dènye souf li.

参见章节 复制




Jan 19:30
28 交叉引用  

Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”


Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari. Lang mwen kole akote nan bouch mwen. Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.


Men SENYÈ a te kontan brize Li; pou mete Li nan gwo soufrans, pou L ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite, pou L ta wè desandan Li yo. Li va pwolonje jou Li yo, e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li.


Konsa, Mwen va bay Li yon pòsyon ak gwo moun yo. Li va divize piyaj ak moun pwisan yo, akoz Li te livre nanm Li menm a lanmò, e Li te konte avèk malfektè yo; malgre Li te pote peche a anpil moun, e te entèsede pou koupab yo.


“Swasann-dis semèn te òdone pou pèp ou ak vil sen ou an, pou fini ak transgresyon, pou mete fen a peche yo, pou rekonsilye inikite yo, pou mennen fè antre ladwati ki san fen, pou mete so sou vizyon ak pwofesi, e pou onksyone lye ki sen pase tout la.


Epi apre swasann-de semèn yo, Onksyone a va koupe retite nèt, e Li p ap gen anyen. E pèp a prens la ki vini an, va detwi vil ak sanktyè a. Epi lafen li an va vini ak yon inondasyon ak lagè jis rive nan lafèn. Konsa, dezolasyon yo deja detèmine.


“Leve, O nepe, kont bèje Mwen an, e kont nonm nan ki byen pre M,” deklare SENYÈ dèzame yo. Frape bèje a pou mouton yo ka gaye; epi Mwen va vire men M kont jenn ti piti yo.


Menm jan ke Fis a Lòm nan pa t vini pou fè lòt sèvi Li, men pou sèvi lòt yo, e pou bay vi li pou ranson vi a anpil lòt moun.”


Konsa, Jésus te kriye ankò avèk yon vwa fò, e te kite nanm Li sòti.


Men Jésus te reponn li. Li te di l: “Kite sa fèt nan moman sa a; paske se konsa li dwe fèt pou nou kapab akonpli tout ladwati.” Konsa li te kite sa fèt.


Konsa, Jésus te pouse yon gwo kri, e te rann dènye souf li.


Paske Mwen di nou ke sa ki ekri a oblije akonpli nan Mwen. ‘E Li te konte pami malfektè yo.’ Paskesa ki gen referans a Mwen menm nan gen pou ranpli.”


Jésus te kriye avèk yon gwo vwa, e te di: “Papa, nan men Ou Mwen remèt lespri Mwen.” Lè L fin di sa, Li te respire dènye souf Li.


“Mwen menm se bon bèje a. Bon bèje a ap bay vi Li pou mouton yo.


Okenn moun pa pran li nan men M, men Mwen bay li avèk pwòp volonte M. Mwen gen otorite pou bay li, e Mwen gen otorite pou reprann li ankò. Kòmandman sila a Mwen te resevwa l depi nan men Papa M.”


Mwen te bay Ou glwa sou latè, lè M te acheve travay ke Ou ban M fè a.


Apre sa Jésus, byen konnen ke tout bagay te deja acheve, pou Lekriti a ta kapab akonpli, te di: “Mwen swaf.”


Jésus te di yo: “Manje M se pou fè volonte a Papa M ki voye Mwen an, e pou acheve travay Li a.


Paske Kris fè lalwa a ranpli pou ladwati de tout sila ki kwè yo.


Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo.


Retire vye ledven an pou nou kapab vin yon boul pat tounèf; kòmsi ke nou an reyalite deja san ledven. Paske Kris, Pak pa nou an, osi te sèvi kon sakrifis nou.


Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa.


ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.


Epi selon Lalwa, se prèske tout bagay ki netwaye avèk san, e san vèsman san, nanpwen padon.


跟着我们:

广告


广告