Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 18:37 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

37 Pou sa, Pilate te di Li: “Alò se yon wa ke Ou ye?” “Ou di byen kòrèk, ke se yon wa ke Mwen ye. Pou sa Mwen fèt, e Pou sa Mwen vini nan lemonn. Pou pote temwayaj a laverite. Tout moun ki nan laverite a tande vwa M.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

37 Lè sa a, Pilat di li: — Si se konsa, ou se wa vre? Jezi reponn li: — Se ou ki di li. Wi, se wa mwen ye. Mwen fèt pou m di verite a jan li ye a. Wi, se pou sa menm mwen vin sou latè. Tout moun ki patizan laverite ap koute vwa mwen.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

37 Lè sa a, Pilat di li: “Ki fè, se wa ou ye?” Jezi reponn li: “Se ou ki di mwen se wa?” Mwen fèt epi mwen vini nan lemonn pou m pale pou verite a. Nenpòt moun ki moun verite a koute sa m ap di.

参见章节 复制




Jan 18:37
26 交叉引用  

Gade byen, Mwen te bay li kon yon temwen a pèp la, yon chèf ak kòmandè pou pèp la.


Jésus te di li: “Ou te di li ou menm. Malgre sa, Mwen ap di nou, apre sa, nou va wè Fis a Lòm nan k ap chita sou men dwat Pwisan an e k ap vini sou nyaj ki nan syèl yo.”


Alò, Jésus te kanpe devan gouvènè a, e gouvènè a te kesyone L konsa: “Èske ou se Wa a Jwif yo”? Jésus te reponn li: “Se konsa ou di a.”


Jésus te reponn li: “Se Mwen. Nou va wè Fis a Lòm nan vin chita bò dwat Pwisans lan, e vini avèk nwaj nan syèl yo.”


Pilate te kesyone L: “Èske Ou se Wa a Jwif yo?” Li te reponn yo e te di li: “Se ou ki di l.”


Konsa, yo tout te di: “Alò, Ou menm se Fis Bondye a?” Li te reponn yo: “Ou pale sa, paske, Mwen Se.”


Donk Pilate te mande Li: “Èske Ou se Wa a Jwif yo?” Epi Li te reponn li: “Se sa ou di l la”.


E pawòl la te vin lachè, e te viv pami nou. Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.


Paske Lalwa te bay pa Moïse, men nou te resevwa gras ak verite pa Jésus Kris.


Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.


Sa ke Li te wè epi tande, se sou sa Li bay temwayaj. Epi pa gen pèsòn ki resevwa temwayaj Li.


“Si nenpòt moun dakò pou fè volonte L, l ap konnen enstriksyon an, si Li sòti nan Bondye, oubyen si Mwen pale pou kont Mwen.


Jésus te reponn e te di yo: “Menmsi Mwen pote pwòp temwayaj pa M, temwayaj Mwen vrè, paske Mwen konnen kote Mwen sòti, e kote M ap prale, men nou pa konnen kote Mwen sòti, ni kote M ap prale.


“Men akoz ke Mwen pale laverite, nou pa kwè M.


Kilès nan nou ki gen prèv ke M peche? Si Mwen pale laverite, poukisa nou pa kwè M?


“Sila ki se pou Bondye, tande pawòl a Bondye. Men nou pa tande, paske nou pa pou Bondye.”


Mwen kòmande ou nan prezans Bondye, ki bay lavi a tout bagay yo, e nan Kris Jésus ki te temwaye bon konfesyon devan Ponce Pilate la,


Akoz ke obeyisans a verite a te vin pirifye nanm nou pou yon lanmou sensè anvè frè nou yo, renmen youn lòt avèk yon chalè ki sòti nan kè,


Mwen pa t ekri nou akoz nou pa konnen verite a, men paske nou konnen li, epi akoz ke okenn manti pa janm sòti nan laverite a.


Nou konnen ke nou kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.


Nou va rekonèt konsa ke nou nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li:


Nou se a Bondye: li ki konnen Bondye va koute nou. Li ki pa a Bondye p ap koute nou. Pa sa a nou konnen Lespri verite a ak Lespri la a sa ki fo.


Nou konnen ke Fis Bondye a gen tan vini, e te bay nou konprann pou nou ta kapab konnen Li ki se vrè. Konsa, nou nan Li ki se vrè, nan Fis Li, Jésus Kri. Sa se vrè Bondye a epi lavi etènèl la.


Jean, a sèt legliz ki an Asie yo: Gras pou nou ak lapè, ki soti nan Sila ki la, ki te la, e ki va vini an; ki soti anplis nan sèt lespri ki devan twòn Li an;


“A zanj legliz nan Laodicée a, ekri: Amen lan, Fidèl e Vrè Temwen lan, Kòmansman kreyasyon Bondye la, di konsa:


跟着我们:

广告


广告