Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 16:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

32 Gade, yon lè gen pou rive, epi li rive deja, kote nou pral gaye, nou chak pral fè yon bò: nou pral bandonnen mwen poukont mwen. Men mwen pa poukont mwen vre, paske Papa a la avèk mwen.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

32 Gen yon jou k ap vini, epi se jodi a menm, nou gen pou n gaye, chak moun apral lakay yo, epi n ap kite m poukont mwen. Men, mwen pa sèl, paske Papa a avè m.

参见章节 复制




Jan 16:32
22 交叉引用  

“Leve, O nepe, kont bèje Mwen an, e kont nonm nan ki byen pre M,” deklare SENYÈ dèzame yo. Frape bèje a pou mouton yo ka gaye; epi Mwen va vire men M kont jenn ti piti yo.


Konsa, Jésus te di yo: “Nou tout ap gaye akoz Mwen pandan nwit sa a, paske sa ekri: ‘Mwen va frape e fè tonbe bèje a, epi tout mouton va gaye.’


Men tout sa vin rive pou Ekriti Sen yo selon pwofèt yo ta kapab vin akonpli.” Lapoula, tout disip Li yo te kouri kite Li.


Jésus te di yo: “Akoz Mwen menm, nou tout va fè lachit aswe a; paske sa ekri: ‘Mwen va frape bèje atè a, e mouton yo va gaye’.


Konsa, yo tout te kouri kite Li.


Jésus te reponn yo e te di: “Lè a rive pou Fis a Lòm nan kapab resevwa glwa.


“Yo va mete nou deyò nan sinagòg la, epi lè a ap vini ke y ap konprann ke se yon sèvis yo rann Bondye lè yo touye nou.


“Bagay sa yo Mwen pale nou an parabòl. Lè a ap vini lè M p ap pale avèk nou ankò an parabòl, men M ap pale nou byen klè konsènan Papa a.


Jésus te reponn yo: “Èske nou kwè koulye a?


Epi Li te di a disip la: “Men gade manman ou!” Depi lè sa, disip la te pran li pou rete tankou manm lakay li.


Konsa, disip yo te kite la pou retounen nan pwòp kay pa yo.


Jésus te di li: “Fanm, kwè M, yon lè ap vini lè se pa ni nan mòn sa a, ni nan Jérusalem ke ou va adore Papa a.


“Men lè ap vini, e gen tan rive koulye a, lè vrè adoratè yo, va adore Papa a an espri, e anverite. Pwiske se moun konsa ke Papa a ap chache pou adore L.


“Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi sa yo ki tande ap viv.


“Pa fè sezisman pou sa, paske yon lè ap vini lè tout moun sa yo ki nan tonbo yo ap tande vwa Li,


Men menmsi Mwen jije, jijman Mwen vrè, paske Mwen pa sèl, men Mwen avèk Li menm ki te voye M nan.


E Li ki te voye M nan avèk Mwen. Li pa t kite M pou kont Mwen, paske Mwen toujou fè bagay ki fè L kontan.”


Answit, nou te monte bato a, e yo te retounenlakay yo ankò.


Saul te fin dakò nèt ak lanmò li. Depi nan jou sa a, yon gran pèsekisyon te kòmanse kont legliz la nan Jérusalem. Yo tout, sof ke apòt yo, te gaye toupatou nan rejyon Juda avèk Samarie yo.


跟着我们:

广告


广告