Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 16:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Kèk nan disip Li yo te di youn a lòt: “Kisa L ap di nou la a? ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis e nou va wè M’ epi: ‘akoz ke M ap prale nan Papa a’?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Kèk disip li yo pran pale, yonn t'ap di lòt: — Sa sa vle di sa l'ap di nou la a: Talè konsa nou p'ap wè m, talè konsa n'a wè m ankò? Sa l vle di la a: Paske mwen pral jwenn Papa a?

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Kèk nan disip li yo t ap di antre yo menm: “Ki sa l vle di, lè l di: Apre yon ti tan ankò, nou p ap wè m ankò, epi nan yon lòt ti tan ankò n ap wè m? Oubyen paske m pral kote Papa a?”

参见章节 复制




Jan 16:17
12 交叉引用  

Yo te reflechi anpil sou pawòl sa a, e te diskite youn avèk lòt sou sa sa vle di: “leve soti nan lanmò an”.


Men yo pa t konprann pawòl sila a, e yo te pè mande L.


Men disip yo pa t konprann anyen nan bagay sa yo. Pawòl sa te kache a yo menm, e yo pa t konprann bagay ki t ap pale yo.


Men yo pa t konprann pawòl sila a, e sans li te kache a yo menm pou yo pa t kab konprann li. Yo te pè kesyone L sou pawòl sa a.


Nan kòmansman, disip Li yo pa t konprann bagay sa yo, men lè Jésus te resevwa glwa, Yo sonje ke yo te ekri sou Li e ke yo te fè L bagay sa yo.


Judas, se pa Iscariot la, te di Li: “Senyè, kisa menm ki rive ki fè W ap devwale Ou a nou, e pa a lemonn?”


Thomas te di Li: “Senyè, nou pa konnen kote W ap prale a. Kijan nou kapab konnen chemen an?”


“Mwen pale nou bagay sa yo pou nou kapab evite chite.


“Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M.”


Konsa yo t ap di: “Kisa L ap pale: ‘Yon ti tan’? Nou pa konprann kisa L ap di.”


Jésus te konnen yo te vle kesyone L, epi Li te di yo: “Èske nou ap diskite pami nou sou sa ke M te di a: ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M?’


“Men koulye a, M ap prale a Sila a ki te voye Mwen an. E pa gen nan nou k ap mande M: ‘Kibò W ap prale’?


跟着我们:

广告


广告