Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 15:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Mwen p ap rele nou esklav ankò, paske yon esklav pa konnen kisa mèt li ap fè. Men Mwen rele nou zanmi, paske tout bagay ke Mwen tande nan Papa M, Mwen fè nou konnen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Mwen p'ap rele nou domestik, paske yon domestik pa konnen sa mèt li ap fè. M'ap rele nou zanmi paske mwen fè nou konnen tou sa Papa a te moutre mwen.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Mwen pa rele nou senp sèvitè, paske yon sèvitè pa konn sa mèt li ap fè. Men nou menm, mwen rele nou zanmi, paske mwen fè nou konnen tout sa m tande Papa m di.

参见章节 复制




Jan 15:15
32 交叉引用  

Lamitye SENYÈ a se pou sila ki gen lakrent Li yo. Li va fè yo konnen akò Li.


Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt; men gen yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.


Anverite, SENYÈ a p ap fè anyen, san Li pa aveti sèvitè li yo, pwofèt yo.


Li te reponn yo: “A nou menm, li pèmèt pou nou konnen sekrè a wayòm syèl la, men pou yo menm, sa poko pèmèt.


Li te vire vè disip yo Li te di an prive: “Beni se zye ki wè bagay ke nou gen tan wè a.


“Si nenpòt moun ap sèvi Mwen, fòk li swiv Mwen. E kote Mwen ye, la sèvitè Mwen va ye tou. Si nenpòt moun ap sèvi Mwen, Papa a va onore li.


“Anverite, anverite, Mwen di nou, yon esklav pa pi gran pase mèt li. Ni yon moun ki voye pa pi gran pase sila ki voye l la.


“Sonje pawòl ke Mwen te di nou an: ‘Yon esklav pa pi gran pase mèt li’. Si yo te pèsekite Mwen, y ap pèsekite nou tou. Si yo te kenbe pawòl Mwen, yo va kenbe pawòl pa nou osi.


“Mwen gen anpil bagay anplis pou M ta di nou, men nou p ap kab sipòte yo koulye a.


E Mwen te fè non Ou rekonèt a yo, e yo va fè l rekonèt; pou menm lamou ke Ou renmen Mwen an, kapab nan yo, epi Mwen menm nan yo.”


Jésus te di li: “Pa touche M, paske Mwen poko monte jwenn Papa M. Men ale bò kote frè M yo e di yo ke ‘Mwen monte a Papa Mwen, e Papa pa w, Bondye Mwen, e Bondye Pa w.’”


Fanm nan te reponn Li: “Mesye mwen konsidere ke Ou menm se yon pwofèt.


Mwen gen anpil bagay pou pale e pou jije konsènan nou. Sinon, Li menm ki te voye M nan vrè. E bagay ke M te tande de Li yo, sa yo Mwen pale a lemonn.”


Paske mwen pa t fè bak pou deklare a nou tout volonte a Bondye a nèt.


Paske sa ke m ap fè yo, mwen pa konprann yo. Mwen p ap pratike sa ke m ta renmen fè, men m ap fè bagay ke m rayi.


“Paske kilès ki te konnen refleksyon Senyè a, pou li ta enstwi Li?” Men se panse a Kris nou genyen.


Akoz ke nou se fis, Bondye te voye Lespri a Fis Li a nan kè nou pandan L ap kriye: “Abba! Papa!”


li te fè nou konnen mistè a volonte Li, selon dous entansyon Li; sa ke li te deja planifye nan Li menm nan,


ki, nan lòt jenerasyon yo pa t konnen pa fis a lòm yo, men koulye a li revele a sen apot Li yo ak pwofèt yo nan Lespri a.


ki se mistè ki te kache depi laj ak jenerasyon pase yo, men ki koulye a, manifeste a fidèl Li yo.


pa tankou yon esklav ankò, men plis ke yon esklav yon frè byeneme, sitou pou mwen menm, men plis ankò pou ou, nan lachè e nan Senyè a.


Jacques, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, ak Senyè a, Jésus Kris, a douz tribi ki gaye a letranje yo, salitasyon.


Konsa, Lekriti a te akonpli sa ki di: “Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou li kòm ladwati,” e li te rele zanmi a Bondye a.


pou chèche konnen ki moun, oubyen a kilè Lespri a Kris la anndan yo a, t ap endike lè li te pwofetize soufrans a Kris ak glwa ki t ap swiv yo a.


Simon Pierre, yon sèvitè-atache nèt, e apòt a Jésus Kri, a sila ki te resevwa yon lafwa menm jan ak nou yo, pa ladwati Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri:


Jude, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, epi frè la a Jacques, ekri a sa yo ki rele sen nan Bondye, Papa a, epi ki konsève pou Jésus Kri.


Revelasyon a Jésus Kri, ke Bondye te bay Li pou montre a sèvitè Li yo; bagay ki t ap oblije rive avan lontan yo, ke Li te voye kominike pa zanj Li, a sèvitè Li, Jean,


跟着我们:

广告


广告