Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 14:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 “Mwen p ap kite nou kon òfelen. M ap vin kote nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 — Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Mwen p ap kite nou òfelen, m ap vin jwenn nou.

参见章节 复制




Jan 14:18
18 交叉引用  

Mwen va prete atansyon a chemen san repwòch la. Kilè Ou va vini kote mwen? Mwen va mache anndan lakay mwen ak entegrite nan kè m.


Malgre mwen ta mache nan vale lonbraj lanmò a, mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m. Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.


Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, Kreyatè ou a, O Jacob, e Sila ki te fòme ou a, O Israël: “Pa pè, paske Mwen te rachte ou. Mwen te rele ou pa non ou. Se pa M ou ye!


“Mwen, Mwen menm se Sila ki bannou konsolasyon an. Se kilès ou ye pou ou pè moun ki va mouri, ak fis a moun ki fèt tankou zèb la?


Nou te devni òfelen san papa. Manman nou yo tankou vèv.


Assyrie p ap sove nou. Nou p ap monte sou cheval; ni nou p ap di ankò a zèv men nou yo: “Ou se dye nou.” Paske nan Ou, òfelen an twouve mizerikòd.”


Annou rekonèt SENYÈ a; annou refize lage pou nou ka konnen SENYÈ a. Aparans Li asire tankou solèy k ap leve granmmaten. Konsa, Li va vini sou nou tankou lapli, tankou lapli prentan k ap wouze latè.


Paske kote de oubyen twa reyini ansanm nan non Mwen, Mwen la nan mitan yo.”


Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.”


“Konsa, M ap mande Papa a, e Li va bay nou yon lòt konseye, pou Li kapab avèk nou jis pou janmen.


E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou.


“Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M.”


“Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”


Koulye a, ke Senyè nou an, Jésus Kri, Li menm, ak Bondye, Papa nou an, ki renmen nou e ki bay nou rekonfò etènèl ak bon espwa pa lagras la


Paske akoz ke Li menm te tante nan sa ke Li te soufri a, Li kapab vin ede sila ki tante yo.


跟着我们:

广告


广告