Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 12:40 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

40 “Li te fè zye yo avegle, e te fè kè yo di, sof ke yo wè avèk zye yo, apèsi avèk kè yo, epi vin konvèti, epi Mwen ta geri yo.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

40 Bondye bouche je yo. Li bouche lespri yo, pou yo pa wè, pou yo pa konprann, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' ka geri yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

40 “Li fè yo avèg epi li fè kè yo di pou yo pa wè nan je yo, pou yo pa konprann nan kè yo, pou yo pa ta vire vin jwenn mwen, pou m ta geri yo.”

参见章节 复制




Jan 12:40
44 交叉引用  

SENYÈ a te di: ‘Kilès k ap sedwi Achab pou ale monte e tonbe Ramoth-Galaad?’ Epi youn te di sesi e youn te di sela.”


Li geri sila ak kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.


Konsa, pou mwen, mwen te di: “O SENYÈ, fè m gras. Geri nanm mwen paske mwen te peche kont Ou.”


Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen chagren anpil. Geri mwen, O SENYÈ, paske zo m yo rele anmwey,


Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Ale vè Farawon, paske Mwen te fè kè l di, ak kè a sèvitè li yo, pou Mwen kapab fè sign sa yo selon Mwen menm pami yo,


Moïse avèk Aaron te fè tout mèvèy sa yo devan Farawon; malgre sa, SENYÈ a te fè kè l di, e li pa t kite fis Israël yo sòti deyò peyi li a.


Pou Mwen, gade byen, Mwen va fè kè Ejipsyen yo di pou yo kouri antre dèyè yo. Konsa, Mwen va jwenn onè sou Farawon an avèk tout lame li ak cha li yo avèk kavalye li yo.


Konsa Mwen va andisi kè Farawon e li va kouri dèyè yo. Epi Mwen va onore pa Farawon avèk tout lame li a, e Ejipsyen yo va vin konnen ke Mwen se SENYÈ a.” Se konsa yo te fè.


SENYÈ a te andisi kè Farawon, wa Égypte la, e li te kouri dèyè fis Israël yo. Paske se ak gwo kouraj ke Israël te soti.


SENYÈ a te di a Moïse: “Lè ou retounen an Égypte, fè byen si ke ou fè tout mèvèy yo devan Farawon ke M te bay ou pouvwa fè yo. Men Mwen va fè kè l di pou li pa kite pèp la ale.


Men kè Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.


“Mwen va fè kè Farawon vin di, e mwen va miltipliye sign ak mèvè mwen yo nan peyi Égypte la.


Men SENYÈ a te fè kè Farawon vin di, e li pa t koute yo, jan ke SENYÈ a te di a Moïse la.


O SENYÈ, men Ou leve wo, men yo pa wè li; men yo va wè zèl Ou pou pèp la e y ap vin wont. Anverite, dife va devore lènmi Ou yo.


Paske SENYÈ a te vide sou nou, yon lespri pwofon somèy. Li te fèmen zye nou menm, pwofèt yo, e Li te kouvri tèt nou menm, konseye yo.


Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo. Li te kraze pou inikite nou yo. Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li, e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.


Rann kè a pèp sa a ensansib, zòrèy yo di e zye yo mal pou wè; otreman, petèt yo ta wè ak zye yo, tande ak zòrèy yo, konprann ak kè yo e retounen pou resevwa gerizon.”


Li te di: “Ale di pèp sa a: ‘Kontinye koute, men pa wè; kontinye gade, men pa konprann.’


“Retounen, O fis enfidèl, Mwen va geri enfidelite ou.” “Gade byen, nou vin kote Ou; paske Ou se SENYÈ a, Bondye nou an.


‘Tande sa, O pèp ki plen foli, ki san konprann, ki gen zye, men ki pa ka wè, ki gen zòrèy, men ki pa tande.


Fis a lòm, ou rete nan mitan yon kay rebèl, ki gen zye pou wè, men yo pa wè, e zòrèy pou tande, men yo pa tande; paske se kay rebèl yo ye.


“Men si pwofèt sila vin twonpe, epi pale yon pawòl, se Mwen menm, SENYÈ a, ki te fè pwofèt sa a vin twonpe. Konsa, Mwen va lonje men M kont li pou detwi li soti pami pèp Mwen an, Israël.


“Mwen va geri enfidelite yo; Mwen va renmen yo an abondans, paske kòlè Mwen fin vire lwen yo.


Vini, annou retounen kote SENYÈ a; paske li te chire nou, men Li va geri nou. Li te blese nou, men Li va panse nou.


Pa okipe yo. Yo se avèg k ap gide avèg. Si yon avèg ap gide yon avèg, se toude k ap tonbe nan yon twou.”


Pou l rive ke Malgre yo wè, yo kapab wè san apèsi; e pandan y ap tande, yo kapab tande e pa konprann. Otreman, yo ta kab retounen pou twouve padon.”


Akoz yo pa t reyisi gen okenn konprann nan afè pen yo, kè yo te di.


“Lespri Senyè a sou Mwen, paske Li te onksyone M pou preche bòn nouvèl la a malere yo. Li te voye M pou pwoklame libète a prizonye yo, pou fè avèg yo vin wè, pou libere sila ki oprime yo.


Li te di: “A nou menm li pèmi pou konnen mistè a wayòm Bondye a, men pou lòt yo, li fèt an parabòl, dekwa ke nangade, yo vin pa wè, e nan tande, pou yo pa konprann.


Pou rezon sa, yo pa t kab kwè. Paske Ésaïe te di ankò:


Jésus te di: “Pou jijman Mwen te vini nan monn sila a, pou sa yo ki pa wè kapab vin wè, e sa yo ki wè kapab vin avèg.”


Konsa voye pa legliz la, yo t ap travèse Phénicie ak Samarie, e t ap bay an detay istwa konvèsyon pèp etranje yo. Sa te fè kè a tout frè yo kontan anpil.


Lè l te di: ‘Ale nan pèp sa epi di: “Nou va toujou tande, men nou p ap konprann. Nou va toujou gade, men nou p ap wè anyen.


“Donk repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a;


Konsa, L ap fè mizerikòd a sila Li vle a, e l ap fè kè di a sila Li pito a.


Men jis rive jodi a, SENYÈ a pa t bannou yon kè pou konnen, ni zye pou nou wè, ni zòrèy pou nou tande.


Paske se te volonte SENYÈ a pou yo ta fè kè yo vin di, pou yo te rankontre Israël nan batay, pou Li ta kapab detwi yo nèt, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


跟着我们:

广告


广告