Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 11:38 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

38 Pou sa, Jésus, ankò, etone byen fon nan lespri li, te vin bò kote tonm nan. Se te yon kav e yon wòch te apiye sou Li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

38 Sa te fè Jezi pi mal ankò. L'al bò kavo a. Se te yon gwòt avèk yon wòch yo te mete devan bouch li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

38 Lè sa a, se fann kè Jezi t ap fann yon lòt fwa ankò. Li rive nan tonm nan. Se te yon kavo fouye nan yon wòch epi yon lòt wòch te kouvri bouch kavo a.

参见章节 复制




Jan 11:38
12 交叉引用  

Apre sa, Abraham te antere Sarah, madanm li nan kav la nan chan Macpéla ki anfas Mamre a, (sa vle di Hébron)


‘Ki dwa ou gen isit la e se kilès ou gen isit la ki fè w fouye yon tonm pou ou menm isit la?’ Ou menm ki fouye yon tonm sou gran wotè a, ki fouye yon plas repo nan wòch la?”


“Pou ou menm, fis a lòm, plenn fò nan gòj ou ak kè kase, ak doulè òrib. Plenn nan gòj devan zye yo, ak kè kase, byen amè.


SENYÈ a te di li: “Ale pase nan mitan vil la, menm nan mitan Jérusalem, mete yon mak sou fwon a mesye ki plenn nan gòj e ki fè soupi pou tout abominasyon k ap komèt nan mitan li yo.”


Li te mete li nan pwòp tonm nèf pa li, ki te fouye nan wòch. Li te woule yon gwo wòch kont antre a, e li te kite lye a.


Epi yo te ale mete tonm nan ansekirite. Plis ke gad la, yo te mete yon so sou wòch la.


Joseph te pote yon twal lèn, te desann Li, e te vlope L nan twal lèn an. Li te mete L nan tonm ki te fouye nan wòch la, e li te woule yon gwo wòch kont antre a tonm nan.


Avèk yon gwo soupi ki sòti nan lespri Li, Li te di: “Poukisa jenerasyon sila a ap chèche yon sign? Anverite Mwen di nou: Nanpwen sign k ap parèt a jenerasyon sila a.”


Konsa, yo te twouve wòch la woule akote tonm nan,


Konsa, lè Jésus te wè l t ap kriye, epi Jwif ki te avè l yo t ap kriye, Li te vrèman etone nan fon lespri Li, e te twouble.


Konsa, nan premye jou semèn nan, Marie a Magdala te vini nan tonm nan bonè, pandan Li te toujou fènwa, e te wè ke wòch la te deja retire sou tonm nan.


跟着我们:

广告


广告