Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 11:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Konsa, lè Marie te vini kote Jésus, li te tonbe nan pye Li, e te di L: “Senyè, si Ou te isit la, frè m nan pa t ap mouri.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

32 Lè Mari rive kote Jezi te ye a, wè li wè l, li lage kò l atè nan pye l, li di l konsa: — Senyè, si ou te la, frè m lan pa ta mouri.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

32 Lè Mari rive, menm wè li wè Jezi, li tonbe nan pye l, epi li di l: “Senyè, si ou te isit, frè m nan pa t ap mouri.”

参见章节 复制




Jan 11:32
10 交叉引用  

Li te tonbe sou figi li nan pye Jésus, e t ap bay Li remèsiman. Li te yon Samariten.


Men lè Simon Pierre te wè sa, li te tonbe nan pye Jésus. Li te di L: “Ale lwen mwen, paske se yon pechè mwen ye, O Senyè!”


Konsa, te vini yon nonm ki te rele Jaïrus ki te yon ofisye sinagòg la. Li te tonbe nan pye a Jésus e te kòmanse sipliye Li pou te vini lakay li;


Se te sè Lazare, Marie ki te onksyone Senyè a avèk lwil chè a, epi te siye pye Li avèk cheve li. Se frè li, Lazare, ki te malad.


Konsa, Marthe te di a Jésus: “Senyè, si Ou te la, frè m nan pa t ap mouri.


Men kèk nan yo te di: “Èske nonm sila a ki te louvri zye a sa ki te avèg la, pa t kab anpeche moun sa a mouri osi?”


Ofisye wayal la te di Li: “Mesye, vini avan pitit mwen an mouri.”


Alò, Mwen, Jean, se sila ki te tande e wè bagay sa yo. Konsa, lè m te tande e wè yo, mwen te tonbe nan pye a zanj ki te montre m bagay sa yo pou adore l.


Epi kat kreyati vivan yo te kontinye ap di “Amen.” Epi lansyen yo te vin tonbe ba pou adore.


Lè L te pran liv la, kat kreyati vivan yo ak venn-kat ansyen yo te tonbe devan Jèn Mouton an, yo chak kenbe yon ap ak yon bòl fèt an lò ranpli avèk lansan, ki se te priyè a sen yo.


跟着我们:

广告


广告