Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 10:38 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

38 Men si M fè yo, malgre ou pa kwè M, kwè zèv yo pou ou kapab konnen epi konprann ke Papa a nan Mwen, e Mwen nan Papa a.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

38 Men, si mwen fè l, menm si nou pa ta vle kwè nan mwen, omwen kwè nan travay m'ap fè a. Konsa, nou ta tou konnen Papa a nan mwen, mwen nan Papa a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

38 Men si m ap fè sa Papa m ap fè, nou ta dwe kwè nan sa m fè. Menm si nou pa t ka kwè mwen, nou ta dwe kwè nan bagay m ap fè yo. Se lè sa a, nou ta konnen epi nou ta konprann Papa a nan mwen epi mwen menm, mwen nan Papa a.”

参见章节 复制




Jan 10:38
12 交叉引用  

Jésus te di yo: “Mwen te di nou, e nou pa kwè M. Zèv ke M fè nan non Papa M yo, sa yo fè temwayaj de Mwen.”


Mwen avèk Papa a se youn.”


Men lè Jésus te tande sa, Li te di: “Maladi sa a se pa a lanmò, men pou glwa Bondye, pou Fis a Lòm nan kapab resevwa glwa de li.”


Nan jou sa nou ap konnen ke Mwen menm nan Papa a, e nou nan Mwen, e Mwen nan nou.


“Mwen pa nan lemonn ankò. Malgre, yo menm, yo toujou nan lemonn, e Mwen vini a Ou, Papa ki Sen, kenbe yo nan non Ou, non ke Ou ban Mwen an, pou yo kapab vin yon sèl, menm jan ke nou menm, nou se yon sèl.


Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: “Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske Bondye avè L.”


“Men temwayaj ke Mwen genyen an pi gwo ke temwayaj Jean an. Paske zèv ke Papa a te ban M pou acheve yo, menm zèv ke Mwen fè yo, temwaye de Mwen menm, ke Papa a te voye M.


“Moun Israël yo, koute pawòl sila yo: Jésus, yon nonm Nazareth, ke Bondye te temwaye devan nou pa mirak, mèvèy, ak sign, ke Bondye te acheve nan Li nan mitan nou, jan nou menm byen konnen an,


Sila a ki kenbe kòmandman Li yo, rete nan Li, epi Li rete nan li menm. Nou konnen konsa ke Li rete nan nou, akoz Li te bay nou Lespri Li.


跟着我们:

广告


广告