Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Galat 5:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Mwen swete ke sila k ap twouble nou yo ta menm chatre pwòp kò yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Kanta moun k'ap boulvèse nou konsa sou kèsyon sikonsizyon an, yo ta mèt tou fè chatre yo, fin ak sa.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Moun sa yo k ap twouble nou an, m ta swete pou tout ti pati yo ta tou koupe nèt, pandan y ap sikonsi a?

参见章节 复制




Galat 5:12
18 交叉引用  

Men yon mal ki pa sikonsi nan avan chè li, moun sila a va vin retire de pèp li a. Li vyole akò Mwen an.”


Laban te di li: “Sa bon. Kite sa fèt selon pawòl ou.”


“Pandan Sèt jou nou va manje pen san ledven, men nan premye jou a, nou va retire tout ledven ki nan kay nou yo. Paske nenpòt moun ki manje nenpòt bagay avèk ledven depi nan premye jou a jis rive nan setyèm jou a, moun sa va koupe retire nèt de Israël.


Nenpòt moun ki mele nenpòt bagay parèy ak li, oswa nenpòt moun ki mete okenn nan li sou yon moun ki pa prèt, li va koupe retire pami moun li yo.”


“Di yo ke: ‘Si nenpòt moun pami tout jenerasyon nou yo vin pwoche de bagay sen yo, ke fis Israël yo te dedye bay SENYÈ a pandan li pa pwòp, moun sa a va koupe retire devan M. Mwen se SENYÈ a.


Yo te reponn li e te di: “Ou te fèt nèt nan peche! Èske ou ap enstwi nou?” Konsa, yo te mete l deyò.


“Akoz ke nou tande ke kèk nan nou ki pa t resevwa enstriksyon de nou menm, ap twouble nou avèk pawòl k ap boulvèse nanm nou,


Ananias, lè l te tande bagay sa yo, te tonbe atè e te respire dènye souf li. Yon gwo laperèz te vini sou tout sila ki te tande bagay sa yo.


Alò, Pierre te di li: “Poukisa ke nou dakò ansanm pou tante Lespri Senyè a? Vwala, pye a sila ki te antere mari ou yo parèt nan pòt la, e yo va pote ou deyò a tou.”


Men sila ki deyò yo, se Bondye ki pou jije yo. Retire sila ki malveyan an pami nou menm.


Men se te akoz de fo frè yo ki te antre an kachèt pou espyone libète ke nou gen nan Kris Jésus a, pou yo ta ka mennen nou nan esklavaj.


Mwen gen konfyans nan nou nan Senyè a, ke nou p ap adopte okenn lòt opinyon. Men sila k ap twouble nou an va pote pwòp jijman pa li, nenpòt moun li ye a.


“Nanpwen pèsòn avèk boul grenn li kraze oswa koupe ki va antre nan asanble SENYÈ a.


Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman rejte yon nonm k ap mete divizyon.


Pou sa, fis Israël yo pa kapab kanpe devan lènmi yo. Yo vire do yo devan lènmi yo, paske yo te vin modi. Mwen p ap avèk nou ankò amwenske nou detwi bagay ki anba ve soti nan mitan nou yo.


Josué te di: “Poukisa ou te twouble nou? Jodi a, SENYÈ a va twouble ou.” Konsa, tout Israël te lapide yo avèk kout wòch. Epi yo te brile yo avèk dife lè yo te fin lapide yo avèk kout wòch.


跟着我们:

广告


广告