Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Galat 4:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Di mwen, nou menm ki vle anba Lalwa a, èske nou pa tande Lalwa a?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

21 Manyè di m, nou menm ki vle rete anba lalwa a: genlè nou pa konprann sa lalwa a di?

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Di m non, nou menm ki vle obsève Lalwa a, èske nou pa konnen sa Lalwa a di?

参见章节 复制




Galat 4:21
16 交叉引用  

Konsa, Li te reponn li e te di: “Kisa Moïse te kòmande nou?”


“Men Abraham te di: ‘Yo gen Moïse avèk pwofèt yo. Kite yo tande yo.’


Jésus te reponn yo: “Èske li pa te ekri nan Lalwa pa w la ke: ‘Mwen di ke se dye yo nou ye’?


Pou sa, foul la te reponn Li: “Nou te tande nan Lalwa ke Kris la ap la jis pou jamen. E kijan ou kapab di: ‘Fis a Lòm nan oblije leve wo?’ Kilès Fis a Lòm sila a?”


“Men yo te fè sa pou pawòl la ta kapab akonpli ki te ekri nan Lalwa pa yo: ‘Yo te rayi Mwen san koz.’


Alò, nou konnen ke nenpòt sa ke Lalwa a di, li pale ak sila ki anba Lalwa yo, pou tout bouch kapab fèmen e pou tout mond lan kapab vin responsab devan Bondye.


Paske peche pa dwe mèt nou, paske nou pa anba Lalwa, men anba gras.


Paske tout sa ki nan zèv Lalwa yo anba yon madichon. Paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pa respekte tout bagay ki ekri nan liv Lalwa a, pou fè yo.”


Men koulye a, akoz nou vin konnen Bondye, oubyen pito di vin konnen pa Li menm, kòman ke nou vire ankò a vye prensip de baz fèb yo, pou nou ta renmen vin esklav yo ankò?


跟着我们:

广告


广告