Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Galat 4:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Alò, kote sans benediksyon sa a gen tan ale la a? Paske mwen pran nou kòm temwen ke si te posib, nou t ap rache pwòp zye nou pou nou te ban mwen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Lè sa a, nou pat manke kontan! Kisa ki rive nou konsa? Mwen ka di sa pou nou: si nou te gen pou n te rache je nou ban mwen, nou ta fè li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Lè sa a, nou te si kontan. Sa k pase, kote lajwa sa a? Mwen kapab di san okenn dout: Nou t ap fè tout sa k posib pou n ede m. E si se te posib, nou t ap prèt pou rache pwòp je nou ban mwen.

参见章节 复制




Galat 4:15
17 交叉引用  

“Sila yo nan tè plen wòch la se sila yo ke lè yo tande, resevwa pawòl la avèk jwa, men yo pa gen rasin. Yo kwè pou yon tan, epi nan tan tantasyon, yo lage tonbe.


Paske mwen temwaye de yo ke yo gen yon zèl pou Bondye, men pa selon bon konprann yo.


Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.


Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a.


Paske mwen te kab vle ke se mwen menm ki te kondane, separe de Kris pou lanmou frè m yo, fanmi mwen, selon lachè.


Paske mwen temwaye ke selon kapasite yo, e menm depase kapasite yo, yo te bay selon pwòp volonte pa yo.


Pouke nan Kris Jésus, benediksyon Abraham yo ta kapab vini pou pèp etranje yo, pou nou ta kapab resevwa pwomès a Lespri Sen an pa lafwa.


Epi sa ki te yon traka pou nou nan kondisyon kò m nan, nou pa t ni meprize ni deteste nan mwen, men nou te resevwa mwen kòm yon zanj Bondye, kòm Kris Jésus Li menm.


Èske konsa mwen vin lènmi nou akoz ke m di nou Verite a?


Pitit mwen yo, ak nou m ap fè doulè akouchman nou ankò, jiskaske Kris fòme nan nou—


Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite


Men chak moun dwe egzamine pwòp zèv pa li, epi konsa li va gen rezon pou vante tèt li pou sa ke li menm fè, e pa pou sa yon lòt moun fè.


Paske mwen fè temwayaj li, ke li gen yon gwo sousi pou nou ak pou sila ki Laodicée ak Hiérapolis yo.


Avèk bon jan afeksyon ke nou te gen pou nou an, nou te byen kontan pataje non sèlman levanjil a Bondye a, men osi pwòp lavi nou, paske nou te devni trè chè a nou menm.


Fòk nou ba yo gwo estim nan lanmou akoz de travay yo. Viv nan lapè avèk youn lòt.


跟着我们:

广告


广告