Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Galat 3:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Lekriti sen an, ki te prevwa ke Bondye ta jistifye pèp etranje yo pa lafwa, te preche levanjil la davans a Abraham. Konsa, li te di: “Tout nasyon yo va beni nan ou”.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Moun ki te ekri nan Liv la te wè davans Bondye t'ap fè moun ki pa jwif yo gras tou poutèt konfyans yo ta gen nan li. Se konsa li bay Abraram Bòn Nouvèl sa a davans tou: Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Depi lontan, Bib la te gentan di Bondye t apral deklare moun ki pa Juif yo dwat devan l poutèt lafwa yo. Se poutèt sa, Bondye te gentan anonse Abraram bòn nouvèl sa a. Li di l: “Tout nasyon ki sou latè ap jwenn benediksyon pa mwen ou menm.”

参见章节 复制




Galat 3:8
25 交叉引用  

Mwen va beni sila yo ki beni ou, e sila ki modi ou yo, Mwen va modi yo. Konsa, nan ou, tout fanmi sou latè yo va beni.”


paske Abraham va anverite vin yon gran nasyon byen fò, e nan li, tout nasyon yo va beni?


Nan posterite ou, tout nasyon sou latè yo va beni, akoz ke ou te obeyi vwa Mwen.”


“Mwen va miltipliye desandan ou yo tankou zetwal nan syèl la, e va bay tout tè sa yo a desandan ou yo. E nan desandan ou yo, tout nasyon latè yo va beni,


Desandan ou yo va tankou pousyè latè, e ou va gaye nan lwès, nan lès, nan nò, ak nan sid. Konsa, nan ou avèk desandan ou yo, tout fanmi sou latè yo va beni.


Baton gouvènans p ap janm sòti sou Juda, ni bwa règleman p ap janm antre pye li jis lè Schilo vini, e a li menm va parèt obeyisans a tout nasyon yo.


Nan jou li yo, moun ladwati yo va fleri, avèk lapè an abondans jiskaske lalin nan pa wè ankò.


Sepandan, si genyen yon dizyèm pòsyon ladann, li va osi manje nèt, tankou yon bwa terebinth oswa yon bwadchenn ak chouk ki rete lè l koupe mete atè. Konsa, Semans ki sen se chouk li.”


Mwen va mennen fè sòti zanfan Jacob yo e yon eritye mòn Mwen yo kap soti nan Juda. Menm chwazi pa M yo va eritye l e sèvitè Mwen yo va demere la.


Si ou va sèmante: ‘Kon SENYÈ a vivan an’, anverite, ak jistis, e nan ladwati; konsa, nasyon yo va beni tèt yo nan Li, e nan Li yo va gen glwa.”


E ankò yon lòt Ekriti di “Yo va gade sila a ke yo pèse a.”


Sila ki kwè nan Mwen, tankou Ekriti Sen an di: ‘Sòti nan pi fon anndan l va fè koule rivyè dlo vivan yo.’”


Èske Ekriti Sen an pa konn di ke Kris la va sòti nan ras David, epi nan Bethléem, vil kote David te ye a?”


Jiskaske M fè lènmi ou yo vin yon ti ban pou mete pye ou.’


Paske Lekriti a di a Farawon: “Pou rezon sa a menm, Mwen te leve ou, pou montre pouvwa Mwen nan ou, pou non Mwen kapab pwoklame toupatou nan lemonn.”


Konsa, kisa nou kapab di? Ke pèp etranje yo, ki pa t chache ladwati Bondye a, te twouve ladwati, ladwati menm ki pa lafwa a.


Alò, pwomès yo te pale a Abraham ak posterite li. Li pa t di, “a posterite ou yo”, kòm referans a anpil moun, men de preferans a yon sèl moun: “E a posterite ou”, sa se Kris.


Men Lekriti sen an anchene tout bagay anba peche, pou pwomès la, pa lafwa nan Jésus Kri a, ta kapab bay a sila ki kwè yo.


Men kisa Lekriti Sen an di?: “Mete fanm esklav la deyò, avèk fis li a. Paske fis a fanm esklav la pa dwe yon eritye avèk fis a fanm lib la.”


Paske vrèman, bòn nouvèl la te preche a nou menm, menm jan ak yo, men pawòl yo te tande a pa t fè avantaj pou yo, paske li pa t jwenn avèk lafwa nan sila ki te tande yo a.


Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”


跟着我们:

广告


广告