Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Galat 3:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Alò, pwomès yo te pale a Abraham ak posterite li. Li pa t di, “a posterite ou yo”, kòm referans a anpil moun, men de preferans a yon sèl moun: “E a posterite ou”, sa se Kris.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Enben, Bondye te fè pwomès sa yo pou Abraram ak pitit pitit li a. Yo pat ekri: ak pitit pitit li yo, tankou si yo te vle pale sou anpil moun, men yo ekri: ak pitit pitit ou a. Yo t'ap pale sou yon sèl moun, moun sa a se te Kris la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Se menm jan an tou, Bondye te fè pwomès li yo pou Abraram ak pou desandan li a. Gade byen, li pa di “pou desandan l yo”. Si se te sa, li ta vle di plis pase yon sèl moun. Kòm l ap pale de yon sèl moun, li di: “ak pou desandan li a”, sa vle di Kris.

参见章节 复制




Galat 3:16
28 交叉引用  

Mwen va beni sila yo ki beni ou, e sila ki modi ou yo, Mwen va modi yo. Konsa, nan ou, tout fanmi sou latè yo va beni.”


SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sila a.” Alò, li te bati yon lotèl nan plas kote SENYÈ a te parèt a li a.


Konsa, li te mennen li deyò, e te di: “Koulye a, gade vè syèl yo, e kontwole zetwal yo, si ou kapab kontwole yo.” Epi Li te di li: “Se konsa desandan w ap ye.”


Men Bondye te di a Abraham: “Pa enkyete akoz pwoblèm jènjan sa a avèk sèvant ou an. Nenpòt sa ke Sarah di ou, koute li, paske se nan Isaac desandan ou yo va vin nome.


Baton gouvènans p ap janm sòti sou Juda, ni bwa règleman p ap janm antre pye li jis lè Schilo vini, e a li menm va parèt obeyisans a tout nasyon yo.


Rejis a zansèt Jésus Kris yo, fis a David, fis a Abraham nan.


jan Li te pale a zansèt nou yo, a Abraham avèk jenerasyon Li yo jis pou tout tan”.


“Se nou menm ki se fis a pwofèt yo, ak akò ke Bondye te fè avèk zansèt nou yo, lè yo te di Abraham: ‘Nan posterite ou, tout fanmi sou latè yo va beni’.


konsa nou menm tou ki anpil, nou fè yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt.


Paske pwomès a Abraham ak desandan li yo pou li te kab resevwa tout lemond kòm eritaj, pa t fèt selon lalwa, men selon ladwati lafwa a.


Pou rezon sa a, se pa lafwa, pou li ta kapab pa gras, ke pwomès la ta kapab asire a tout desandan Abraham yo; non sèlman a sila ki gen Lalwa a, men osi a sila ki gen lafwa Abraham nan, ki se papa a nou tout.


Yo se Izrayelit ki te resevwa adopsyon kòm fis yo, ak laglwa akò yo, don Lalwa a, sèvis nan tanp lan, ak tout pwomès yo;


Paske menm jan ke kò a se yon sèl, men gen anpil manm, e tout manm kò yo, malgre ke yo anpil, yo se yon sèl kò konsa tou Kris la ye.


Alò ansanm, nou se kò a Kris la, e nou se chak grenn manm de li.


Èske se Ebre yo ye? Mwen menm tou, mwen Ebre. Èske se Izrayelit yo ye? Mwen menm tou, mwen se Izrayelit. Èske se desandan Abraham yo ye? Mwen menm tou.


Alò, poukisa Lalwa a? Li te ajoute akoz de transgresyon yo, ki te òdone atravè zanj yo pa ajans a yon medyatè, jiskaske semans lan ta kapab rive a Sila pwomès la te fèt la.


Lekriti sen an, ki te prevwa ke Bondye ta jistifye pèp etranje yo pa lafwa, te preche levanjil la davans a Abraham. Konsa, li te di: “Tout nasyon yo va beni nan ou”.


Mistè sa a gran, men m ap pale avèk referans a Kris ak legliz la.


ki pa kenbe fèm a Tèt la. Paske se nan Li menm tout kò a ye a, ki vin founi e kenbe ansanm pa jwenti ak ligaman yo, ki grandi avèk yon kwasans ki sòti nan Bondye.


Yon renouvèlman konsa pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.


跟着我们:

广告


广告