Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Galat 3:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Frè m yo mwen pale nan tèm relasyon moun ak moun; menm si se sèlman yon akò moun, depi li fin etabli, nanpwen moun k ap mete l sou kote oubyen ajoute kondisyon ladann.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Frè m yo, mwen pral pran egzanp sou yon bagay ki rive chak jou: Lè yon moun fè testaman l byen fèt, pèsonn pa ka kase l, ni pèsonn pa ka ajoute anyen ladan li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Frè m ak sè m yo, m ap ban nou yon egzanp nan bagay k ap pase chak jou nan lavi. Depi yon moun fin fè yon testaman, epi testaman sa a ratifye, pèsonn pa ka ni anile l, ni ajoute bagay ladan l.

参见章节 复制




Galat 3:15
10 交叉引用  

akò ke li te fè avèk Abraham nan, sèman an ke Li te fè avèk Isaac la.


Nan lè sa a, Pierre te kanpe nan mitan frè yo (yon asanble de anviwon san ven moun ki te la ansanm) e te di:


Mwen pa vle nou pa okouran, frè m yo, ke souvan mwen konn fè plan pou vin wè nou (malgre sa pa t realize). Mwen ta renmen sa fèt pou m kapab rekòlte kèk fwi pami nou tou, menm jan ak tout lòt nasyon etranje yo.


Men si enjistis nou montre jistis Bondye, kisa nou kapab di? Èske Bondye ki dechennen lakòlè Li a, enjis? (M ap pale tankou yon moun)?


M ap pale nan tèm a moun, akoz feblès lachè nou. Paske menm jan avan ke nou te konn prezante manm kò nou kòm esklav a salte ak linikite, ki te bay kòm rezilta, plis linikite toujou, koulye a prezante yo kòm esklav a ladwati ki bay kòm rezilta, sanktifikasyon.


Si se te pou yon motif moun ke m te goumen avèk bèt sovaj chak jou an Éphèse yo, ki pwofi sa t ap ban mwen? Si mò yo pa leve “Annou manje ak bwè, paske demen n ap mouri.”


Ke gras a Senyè nou an Jésus Kris kapab rete avèk Lespri nou, frè m yo. Amen.


Paske lè Bondye te fè pwomès la a Abraham, akoz ke Li pa t kapab sèmante pa okenn pi gran, Li te sèmante pa pwòp tèt Li.


Paske moun toujou sèmante pa yon moun ki pi gran pase yo, e nan nenpòt malantandi yon sèman ki fèt avèk yon akò fèmen tout diskisyon.


Paske yon denyè testaman akò mò valab sèlman lè moun mouri, paske li pa janm an fòs pandan sila ki te fè l la toujou vivan.


跟着我们:

广告


广告