Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Galat 2:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Paske selon Lalwa a mwen te mouri a Lalwa a, pou mwen te kapab viv a Bondye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Annegad lalwa, mwen se yon moun ki mouri, epi se lalwa a menm ki touye m pou m ka viv pou Bondye. Mwen mouri kloure ansanm ak Kris la sou kwa a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Paske, pa mwayen lalwa, mwen mouri kanta lalwa, poutèt pou m ka viv pou Bondye. Mwen te mouri sou kwa a ansanm ak Kris.

参见章节 复制




Galat 2:19
28 交叉引用  

Paske Lalwa a pote lakòlè, men kote ki pa gen lalwa, pa gen vyolasyon.


Lalwa a te vini pou transgresyon an te kapab vin plis, men kote peche te vin plis lagras te abonde pi plis toujou.


Menm jan konsidere nou menm kòm mò ak peche, men vivan anvè Bondye nan Jésus Kri.


Paske peche pa dwe mèt nou, paske nou pa anba Lalwa, men anba gras.


Ke sa pa janm fèt! Kijan nou menm ki te mouri a peche nou kapab kontinye viv nan li?


Paske nou konnen ke Lalwa a baze sou lespri Bondye a menm. Men mwen menm se chè. Mwen te vann kòm esklav a peche.


Donk Frè m yo, nou menm tou nan kò Kris la, nou te oblije mouri a Lalwa a pou nou te kapab vin jwenn yon lòt, a Sila ki te leve soti nan lanmò a pou nou menm ta kapab pote fwi pou Bondye.


Paske lalwa Lespri lavi a nan Jésus Kri te libere nou de Lalwa peche ak lanmò a.


Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye.


Pou Jwif yo mwen te vin Jwif, pou mwen te kapab konvenk Jwif yo. Pou sila ki anba Lalwa yo, kòmsi m te anba Lalwa, malgre ke mwen menm pa t anba Lalwa, pou m te kapab konvenk sila ki anba Lalwa yo.


Li te mouri pou tout moun, pouke sila ki vivan yo pa ta viv pou tèt yo ankò, men pou Li menm ki te mouri an e ki te leve ankò pou yo a.


Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen.


Paske tout sa ki nan zèv Lalwa yo anba yon madichon. Paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pa respekte tout bagay ki ekri nan liv Lalwa a, pou fè yo.”


Konsa, Lalwa te devni pwofesè lekòl nou, pou mennen nou a Kris, pou nou ta kapab jistifye pa lafwa.


Men ke sa pa janm fèt pou m ta vante tèt mwen, eksepte nan lakwa a Senyè nou an, Jésus Kris. Atravè Li menm mond lan fin krisifye pou mwen, e mwen menm pou mond lan.


Si nou te mouri avèk Kris a prensip de baz mond yo, poukisa, kòmsi nou t ap viv nan mond lan, nou soumèt nou a kalite dekrè konsa, kòm


Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye.


Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li.


ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.


konbyen anplis ke san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an?


Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.


Paske pou rezon sa a, levanjil la preche menm a sila ki mouri yo, pouke, malgre, yo jije nan lachè kòm lòm, yo ta kapab viv nan lespri selon volonte a Bondye a.


跟着我们:

广告


广告